Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Thomas Jackson/​Stone via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Ou ka gen espwa pou ane 2024 la — Ki sa Bib la di?

Ou ka gen espwa pou ane 2024 la — Ki sa Bib la di?

 Gen anpil moun ki panse pa gen solisyon pou pwoblèm monn nan pral jwenn pandan ane 2024 la. Men, nou ka gen espwa pou lavni. Ki kote n ka jwenn espwa sa a?

Bib la bay espwa

 Bib la fè nou konnen Bondye pral rezoud tout pwoblèm ki fè lavi nou parèt sanzespwa jodi a. Talè konsa, Bondye “siye tout dlo nan je [nou], pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. — Revelasyon 21:4.

Ki jan Bib la ka ede w depi kounye a

 Espwa Bib la bay pou lavni ka ede w ak santiman negatif ou genyen e l ka ede w vin wè bagay yo yon fason ki pi pozitif (Women 15:13). Bonjan konsèy Bib la bay tou ka ede w fè fas ak pwoblèm petèt ou genyen depi kounye a, tankou povrete, enjistis ak maladi.

 Fè ane 2024 la vin yon bon ane pou ou ak fanmi w. Aprann plis sou fason Bib la ka ede w. Eseye pwogram etid Labib gratis nou an. Gade ki jan Bondye ka “ba[w] lapè” depi kounye a ansanm ak “yon avni ak yon espwa”. — Jeremi 29:11.