Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Justin Paget/​Stone via Getty Images

Anpil moun santi yo poukont yo — Ki sa w ka fè pou w pa santi w konsa?

Anpil moun santi yo poukont yo — Ki sa w ka fè pou w pa santi w konsa?
  •   “Apeprè mwatye nan adilt Ozetazini fè konnen yo santi yo poukont yo, e pami yo, gen plis moun ant 18 a 25 an.” — Our Epidemic of Loneliness and Isolation: Konsèy Chirijyen jeneral Etazini an bay sou bon efè yon kominote epi pase tan ak moun genyen sou sante, 2023.

  •   “[Òganizasyon mondyal lasante] fè konnen li fèk mete yon gwoup moun la pou fè rechèch e pou ede nan kesyon solitid la paske se yon pwoblèm sante ki merite yo aji vit sou li, pou yo ankouraje moun yo plis konsantre sou devlope bonjan relasyon ak lòt moun e pou jwenn pi bon fason pou yo trete kesyon solitid la nan tout peyi, menm nan peyi ki pòv yo.” — Òganizasyon mondyal lasante, 15 novanm 2023.

 Labib bay bonjan konsèy k ap ede nou vin gen bonjan relasyon ak moun.

Prensip biblik ki ka ede

 Ralanti sou aktivite ki fè w pa gen kontak ak moun. Pami aktivite sa yo, gen pase twòp tan sou rezo sosyal yo. Men pito, chèche okazyon pou w kominike ak moun an pèsòn e w pou w fè bon zanmi.

  •   Prensip biblik: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

 Chèche okazyon pou w ede moun. Lè yon moun fè bon aksyon pou lòt moun, nonsèlman sa fè relasyon yo vin solid men tou, sa fè moun nan santi l pi byen.

  •   Prensip biblik: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa..” — Travay 20:35.

 Ale sou sit Entènèt nou an pou w jwenn plis enfòmasyon ki soti nan Bib la k ap ede w konn ki jan pou w vin gen bon zanmi.