Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske lavi a ap retounen nòmal ankò? Ki jan Bib la kapab ede nou nan monn sa a ki chanje akoz pandemi an?

Èske lavi a ap retounen nòmal ankò? Ki jan Bib la kapab ede nou nan monn sa a ki chanje akoz pandemi an?

 “Nou tout ta renmen gen yon vi nòmal ankò.” — Angela Merkel, chanselye alman.

 Nou tout ap dakò ak pawòl li a piske pandemi kowonaviris la kontinye gen efè sou moun yo nan monn nan. Ki sa “lavi nòmal” la vle di? Ki sa moun yo ta renmen fè?

  •   Yo ta renmen retounen viv jan sa te ye anvan. Anpil moun ta renmen pase tan ansanm ankò, bay akolad, bay lamen e yo ta renmen gen posiblite pou yo vwayaje ankò. Selon sa doktè Anthony Fauci a fè konnen, gen moun ki panse “retounen gen yon lavi plizoumwen nòmal” gen ladan l “ale nan restoran, nan sinema [ak] lòt aktivite menm jan an”.

  •   Yo ta renmen amelyore fason y ap viv. Gen moun ki wè sitiyasyon sa a se yon posiblite pou yo chanje fason yo t ap viv anvan an. Pou yo menm, bagay yo dwe chanje paske toupatou nan monn nan, travay mande plis tan ak enèji, yo mal aji ak moun akoz ras yo oubyen pozisyon yo nan sosyete a, epi gen plis moun k ap soufri akoz maladi mantal. Men sa Klaus Schwab, fondatè Fowòm ekonomik mondyal la, fè konnen: “Pandemi sa a ban nou opòtinite pou nou reflechi sou fason n ap viv, sou fason nou ta vle monn nan ye e sou chanjman nou ta dwe pote nan monn nan.”

 Pou kèk moun, pandemi an tèlman lakòz anpil dega, yo panse lavi a pap janm tounen “nòmal” ankò. Pa egzanp, yo pèdi travay yo, kay yo, yo vin malad e sa ki pi rèd, yo gen moun yo renmen ki mouri.

 Se vre, pa gen moun ki ka predi yon fason ki egzak jan lavi a pral ye lè pandemi an pa la ankò (Eklezyas 9:11). Sepandan, Bib la ka ede nou pou nou pi reyalis anrapò ak lavni epi fè fas ak kèlkeswa sa k ta rive. Mete sou sa, Bib la pale konsènan yon avni ki sèten, yon avni ou te ka pa menm imajine.

Nou dwe gen yon bon pwennvi sou pandemi kowonaviris la

 Depi byen lontan, Bib la te predi t ap gen yon seri gwo maladi oswa “epidemi” ki t ap parèt “nan fen sistèm nan”. (Lik 21:11; Matye 24:3.) Lè nou reflechi sou pandemi kowonaviris la, nou kapab wè li se youn nan pakèt evènman Bib la te predi k ap reyalize yo, sa ki gen ladan l, lagè, gwo tranblemanntè ak rate manje.

 Fason sa ka ede n lè nou konn sa: Byenke pwoblèm pandemi an bay yo ka diminye, Bib la avèti nou n ap viv ‘nan tan ki di e ki difisil pou moun sipòte’. (2 Timote 3:1.) Lè nou konn sa, sa ap ede nou vin pi reyalis anrapò ak jan lavi a pral ye nan tan difisil sa yo.

 Bib la ede nou wè bagay yo pi bon fason an. Monn nan vin gen plis tètchaje nan yon moman kote bagay yo pral chanje. Ki sa k pral chanje?

Yon bèl avni ap tann nou lè pap gen pandemi ankò

 Bib la pa sèlman pale de pwoblèm n ap rankontre jodi a, men li fè nou konnen gen yon pi bèl avni k ap tann nou. Li pale konsènan yon pi bon avni pase sa gouvènman lèzòm yo espere reyalize, e se sèlman Bondye ki ka fè sa. “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò.” — Revelasyon 21:4.

 Men pwomès Jewova Dye b fè: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” ​(Revelasyon 21:5). L ap rezoud tout pwoblèm ki nan monn sa a, e menm bagay ki pi mal pandemi an lakòz. Men sa l ap fè nou jwenn:

  •   Yon bon sante fizik ak sante mantal e pap gen maladi ak lanmò ankò. — Ezayi 25:8; 33:24.

  •   Yon travay k ap ban nou satisfaksyon ak bonjan kè kontan. Se pap yon travay ki mande plis tan ak enèji k ap fè nou dekouraje oswa krake. — Ezayi 65:22, 23.

  •   Tout moun ap gen sa yo bezwen pou yo viv, pap gen ni mizè ni grangou. — Sòm 72:12, 13; 145:16.

  •   N ap geri anba gwo pwoblèm afektif, mete sou sa, nou gen espwa moun nou renmen ki te mouri yo ap retounen viv ankò. — Ezayi 65:17; Travay 24:15.

 Fason sa ka ede n lè nou konn sa: Bib la di: “Esperans sa a nou genyen an tankou yon lank batiman pou vi nou.” ​(Ebre 6:19, nòt). Esperans nou genyen pou bon bagay k ap vini pi devan yo kapab fè nou rete djanm. Li kapab ede n fè fas ak sitiyasyon difisil n ap rankontre jodi a, redui enkyetid nou yo epi fè nou santi nou gen lapè ak kè kontan.

 Men, èske nou ka fè pwomès ki nan Bib la konfyans? Gade atik ki gen tit: “Labib se yon sous verite nou ka fè konfyans”.

Prensip ki nan Bib la ka ede n fè fas ak chanjman ki pral genyen apre pandemi an

  •   Respekte lavi

     Vèsè: “Si l gen sajès, sa ap pwoteje lavi l.” — Eklezyas 7:12.

     Fason vèsè sa a ka ede w: Pran bon desizyon pou w redui posiblite pou w ta malad. Verifye risk ki prezante nan zòn ou an. Egzamine enstriksyon yo bay nan domèn lasante ak sekirite, gade ki kantite moun ki enfekte nan zòn nan e gade ki pousantaj nan popilasyon an ki fin vaksinen.

  •   Rete vijilan

     Vèsè: “Moun ki gen sajès la veye sou tèt li e li evite fè sa ki mal, men, moun ki sòt la radi e li twò kwè nan tèt li.” — Pwovèb 14:16.

     Fason vèsè sa a ka ede w: Kontinye fè sa ki nesesè pou w pwoteje sante w. Espesyalis yo fè konnen kowonaviris la ap la pandan yon bon ti tan.

  •   Sèvi ak bonjan enfòmasyon

     Vèsè: “Moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.

     Fason vèsè sa a ka ede w: Chwazi avèk presizyon ki konsèy ou pral suiv. Chwa w fè gen enpòtans, paske si w pran desizyon ki chita sou move enfòmasyon, sa ka gen move efè sou sante w.

  •   Rete pozitif

     Vèsè: “Pinga w di: ‘Poukisa tan lontan te pi bon pase tan n ap viv yo?’ Paske, se pa sajès ki fè w poze kesyon sa a.” — Eklezyas 7:10.

     Fason vèsè sa a ka ede w: Pran detèminasyon pou w fè sa ki bon nan sitiyasyon w ye kounye a. Evite plede ap reflechi sou jan lavi a te ye anvan pandemi an, epi evite rete ap panse sou opòtinite w pèdi poutèt restriksyon ki genyen akoz pandemi an.

  •   Demontre respè pou lòt moun

     Vèsè: “Onore tout kalite moun.” — 1 Pyè 2:17.

     Fason vèsè sa a ka ede w: Chak moun reyaji yon fason diferan anrapò ak pandemi an e ak konsekans li pote. Kite moun yo ak opinyon yo sou kesyon an. Men, toutpandan w demontre respè pou opinyon lòt moun, pa chanje bon desizyon ou te pran. Montre konsiderasyon pou moun ki pa vaksinen yo, moun ki granmoun yo ak moun ki gen gwo pwoblèm sante.

  •   Montre w gen pasyans

     Vèsè: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans.” — 1 Korentyen 13:4.

     Fason vèsè sa a ka ede w: Montre w gen konsiderasyon pou moun ki pè retounen fè aktivite yo te konn fè san pwoblèm anvan pandemi an. Toutpandan restriksyon konsènan pandemi an ap bese, w ap bezwen pran pasyans ak tèt ou lè w ap planifye aktivite w.

Fason Bib la ede moun fè fas ak pandemi an

 Temwen Jewova yo jwenn rekonfò nan pwomès Bib la fè konsènan yon bèl avni, e sa fè yo wè pi lwen pase pandemi an. Epitou, youn soutni lòt lè yo obeyi kòmandman Bib la bay pou moun reyini regilyèman pou yo adore Bondye (Ebre 10:24, 25). Tout moun kapab santi yo alèz pou yo asiste reyinyon Temwen Jewova yo. Reyinyon sa yo fèt pa mwayen videyo konferans pandan pandemi an.

 Gen lòt moun ki dakò lè yo reyini ansanm ak Temwen Jewova yo pou yo adore Bondye, sa ede yo nan tan difisil sa yo. Pa egzanp, gen yon dam ki te pran kowonaviris ki te aksepte yon envitasyon pou l asiste reyinyon Temwen Jewova yo fè pa mwayen videyo konferans. Reyinyon sa yo te ede l pou l pa dekouraje, menm lè li t ap fè fas ak maladi a. Men sa l di: “M santi m fè pati fanmi sa a tou. Lè m li Bib la, m santi lespri m anpè e m santi m kalm. Sa ede m rete konsantre sou esperans mwen genyen pou lavni, olye m konsantre sou pwoblèm mwen yo. Mèsi dèske nou ede m gen yon relasyon ak Bondye, yon bagay mwen t ap chèche pandan tout lavi m.”

a Direktè National Institute of Allergy and Infectious Diseases ki nan peyi Etazini.

b Jewova se non Bondye jan Bib la fè konn sa. — Sòm 83:18.