Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Halfpoint Images/Moment via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Yon gwo ofisyèl nan kesyon lasante fè konnen rezo sosyal ka gen move efè sou jèn yo — Ki sa Bib la di?

Yon gwo ofisyèl nan kesyon lasante fè konnen rezo sosyal ka gen move efè sou jèn yo — Ki sa Bib la di?

 Nan dat 23 me 2023, gen yon gwo ofisyèl nan kesyon lasante Ozetazini ki fè konnen rezo sosyal yo gen move efè sou anpil jèn.

  •   “Byenke rezo sosyal yo kapab pote byenfè pou kèk timoun ak adolesan, gen anpil prèv ki montre rezo sosyal yo kapab gen yon move efè tou sou sante mantal ak byennèt timoun yo ak adolesan yo.” — Social Media and Youth Mental Health: The U.S. Surgeon General’s Advisory, 2023.

 Sa ofisyèl la di a baze sou plizyè rechèch ki esplike rezon ki fè se yon bagay ki enkyetan.

  •   Adolesan ki gen ant 12 a 15 an “ki pase plis pase 3 èdtan pa jou sou rezo sosyal gen de fwa plis chans pou yo gen pwoblèm mantal, e pami pwoblèm sa yo, yo ka gen sentòm depresyon ak panik.”

  •   Pami jèn ki gen 14 an yo, souvan sila yo ki “sèvi anpil ak rezo sosyal yo pa dòmi byen, yo sibi brimad sou Entènèt, yo pa renmen aparans yo, yo santi yo pa gen valè e yo plis santi yo deprime. Sa rive plis tifi pase tigason.”

 Ki jan paran yo ka pwoteje pitit yo kont danje sa yo? Bib la bay bonjan konsèy ki kapab ede.

Sa paran yo kapab fè

 Rete okouran. Antanke paran, egzamine danje yo epi gade pou w wè si w ta dwe kite pitit ou sèvi ak rezo sosyal.

 Si w kite pitit ou sèvi ak rezo sosyal, se pou w konnen danje yo epi rete okouran sou sa pitit ou ap fè sou Entènèt. Ki jan w ka fè sa?

 Pwoteje pitit ou kont atik, imaj oswa videyo ki pa bon. Aprann pitit ou fason pou l idantifye atik, imaj oswa videyo ki pa bon e pou yo evite yo.

 Fikse limit. Pa egzanp, di ki lè e pandan konbyen tan pitit ou kapab al sou rezo sosyal.

  •   Prensip biblik: “Byen veye sou fason n ap mache a […] pou nou mache tankou moun ki saj. Se pou nou byen sèvi ak tan nou.” — Efezyen 5:15, 16.

  •   Sèvi ak desen anime Byen sèvi ak rezo sosyal pou w ede pitit ou konprann sa k fè li enpòtan pou n mete limit.