Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anton Petrus/Moment via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Èske ap gen yon gè mondyal anvan lontan? — Ki sa Bib la di?

Èske ap gen yon gè mondyal anvan lontan? — Ki sa Bib la di?

 Pandan 30 ane ki sot pase yo, gen anpil moun ki te panse relasyon ant diferan peyi sou tè a te stab e yo te menm amelyore. Men, dènye evènman ki pase yo fè yo chanje lide.

  •   “Izrayèl ak Ezbola ap tire youn sou lòt sou fwontyè Liban, e gen moun ki panse gè k ap fèt Gaza a ka gaye nan lòt peyi.” — Reuters, 6 janvye 2024.

  •   “Gen gwoup Iran ap kontwole ki atake diferan zòn e toudenkou, Iran rekòmanse fè zam nikleyè ankò. Mete sou sa, kounye a, Larisi ak Lachin se alye l. Tout bagay sa yo se yon nouvo menas pou peyi oksidantal yo.” — The New York Times, 7 janvye 2024.

  •   “Atak Larisi yo kontinye ap fè gwo dega ann Ikrèn.” — UN News, 11 janvye 2024.

  •   “Ekonomi Lachin ak pisans militè l k ap vin pi bon, Taywann k ap vin pi nasyonalis chak jou, san wete relasyon ant Lachin ak Etazini k ap deteryore, tout bagay sa yo kreye yon sitiyasyon kote l fasil pou gen yon konfli.” — The Japan Times, 9 janvye 2024.

 Èske Bib la di yon bagay konsènan pwoblèm ki genyen nan relasyon ant peyi sou tè a jodi a? Èske sa ap lakòz yon gè mondyal?

Labib te gentan fè konnen sitiyasyon n ap viv la

 Labib pa t anonse egzakteman youn nan gè ki gen jodi a. Men, li te anonse t ap gen gè toupatou, jan nou wè sa jounen jodi a, sa ki “retire lapè sou tè a”. — Revelasyon 6:4.

 Liv Dànyèl la te fè konnen “nan tan lafen an” plizyè peyi ki gen pouvwa nan monn nan t ap nan “lit” oswa yo t ap goumen pou youn domine lòt. Batay sa a t ap gen ladan l gwo demonstrasyon pouvwa militè ak anpil “trezò”, oswa lajan, yo genyen. — Dànyèl 11:40, 42, 43.

Yon gè ki pa lwen

 Labib fè konnen sitiyasyon monn nan ap vin pi mal anvan l vin bon. Jezi te anonse t ap gen “yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan”. (Matye 24:21.) “Gwo tribilasyon” sa a ap mennen nan yon gè Bib la rele Amagedon, yon “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an.” — Revelasyon 16:14, 16.

 Men, Amagedon ap sove lèzòm, li pap detwi yo. Pa mwayen gè sa a, Bondye pral mete yon fen nan dominasyon lèzòm, yon dominasyon ki lakòz anpil gè ki fè gwo dega. Pou w wè ki jan Amagedon pral fè gen lapè pou toutan sou tè a, li atik ki annapre yo: