Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

kovop58/stock.adobe.com

KONTINYE VEYE!

Èske je olenmpik yo ka ini moun toutbon? — Ki sa Bib la di?

Èske je olenmpik yo ka ini moun toutbon? — Ki sa Bib la di?

 Pandan je olenmpik k ap fèt nan ete 2024 la, yo panse gen senk milya moun ki pral gade atlèt ki soti nan 206 peyi. Men sa Thomas Bach, prezidan komite entènasyonal olenmpik la, di: “N ap patisipe nan yon evènman ki ini monn nan, ki fè monn nan anpè. Ann kontinye kore mantalite je olenmpik yo ap ankouraje a, sa vle di tout moun dwe viv ansanm, nan lapè, menmsi nou tout nou diferan youn ak lòt.”

 Èske je olenmpik yo ka rive reyalize bèl objektif sa a? Èske gen espwa yon jou ap gen lapè ak inite toutbon?

Èske je olenmpik yo ap pote lapè ak inite?

 Ane sa a, je olenmpik yo pa fè moun panse ak spò sèlman. Jwèt yo mete aksan sou yon seri pwoblèm sosyal ak politik ki divize moun. Pami pwoblèm sa yo gen kesyon dwa moun, rasis, diskriminasyon anrapò ak relijyon ak inegalite.

 Evènman spòtif tankou je olenmpik yo la kòm detant. Men, evènman sa yo fè nou wè tou fason moun yo panse ak fason yo aji ankouraje divizyon olye yo ankouraje bonjan lapè ak inite.

 Bib la te gentan fè konnen fason moun yo wè bagay yo jodi a t ap fè l difisil pou gen bonjan inite (2 Timote 3:1-5). Pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwofesi sa a nan Bib la, li atik “Èske Bib la te anonse fason moun yo panse ak fason yo aji jodi a?

Yon bonjan espwa pou gen lapè ak inite nan monn nan

 Bib la bay bonjan espwa pou gen lapè ak inite ki blayi sou tout tè a. Li fè pwomès tout moun sou tè a pral ini anba “Wayòm Bondye a”, yon gouvènman ki nan syèl la. — Lik 4:43; Matye 6:10.

 Jezi Kris, Wa nan Wayòm sa a, pral fè lapè blayi sou tout tè a. Bib la di:

  •   “Moun ki jis yo ap vin anpil, e lapè ap blayi tout kote.” — Sòm 72:7.

  •   “L ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a [...]. L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — Sòm 72:12, 14.

 Menm jodi a, ansèyman Jezi yo ini plizyè milyon moun nan 239 peyi. Antanke kretyen, Temwen Jewova toupatou sou tè a aprann fason pou yo viv anpè. Pou w ka konnen kòman sa rive fèt, li Toudegad ki gen tit: “Kase chenn lahèn nan.”