Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

YURI LASHOV/AFP via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Èske kretyen dwe mele nan lagè? — Ki sa Bib la di?

Èske kretyen dwe mele nan lagè? — Ki sa Bib la di?

 Gè k ap fèt nan peyi Ikrèn nan montre anpil chèf relijye ki kretyen ap soutni lagè. Gade ki jan chèf relijye yo ap soutni toude pati yo:

  •   “Tout sòlda nou yo k ap defann peyi Ikrèn, tè kote yo fèt la, anba men moun k ap chèche toupizi nou an merite anpil onè ak rekonesans. […] Nou toujou nan kè nou, n ap priye pou nou e n ap soutni nou.” — Metwopolit Epifàn I nan Kyèv, jan sa parèt nan The Jerusalem Post, 16 mas 2022.

  •   “Nan jou dimanch ki sot pase a, chèf Legliz òtodòks peyi Larisi a te fè yon mès pou sòlda peyi Larisi yo. Lè sa a, li te mande yo pou yo defann peyi yo ‘piske se sèl moun peyi Larisi ki ka defann peyi yo konsa’ paske Moskou kontinye fè lagè ak peyi Ikrèn.” — Reuters, 3 avril 2022.

 Èske kretyen ta dwe patisipe nan lagè? Ki sa Bib la di?

Sa Bib la di toutbon

 Bib la montre moun k ap suiv Jezi Kris toutbon yo pa patisipe nan lagè.

  •   “Mete epe w la nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” — Matye 26:52.

     Èske yon moun k ap soutni lagè vrèman obeyi sa Jezi te di a?

  •   “M ap ban nou yon nouvo kòmandman: Se pou nou youn renmen lòt. Menm jan mwen renmen nou an, nou menm tou, se pou nou youn renmen lòt. Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” — Jan 13:34, 35.

     Èske yon moun k ap soutni lagè montre li gen kalite lanmou Jezi te di ki t ap fè yo rekonèt moun ki disip li a?

 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik “Peut-on concilier guerre et christianisme?

Ki pozisyon kretyen yo pran nan kesyon lagè jodi a?

 Èske li vrèman posib pou kretyen yo pa patisipe nan lagè jodi a? Wi. Bib la fè konnen nan epòk nou an, yon epòk yo rele “dènye jou yo”, t ap gen moun ki soti nan tout nasyon ki “pap aprann fè lagè ankò”, jan Jezi te anseye sa. — Ezayi 2:2, 4.

 Talè konsa, Jewova a, “Bondye lapè a”, pral sèvi ak gouvènman l lan ki nan syèl la pou l delivre moun “anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans”. — Filipyen 4:9; Sòm 72:14.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.