Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ahmad Gharabli/AFP via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Èske nasyon yo ka met ansanm pou anpeche chanjman k ap fèt nan klima a lakòz yon katastwòf? — Sa Bib la di?

Èske nasyon yo ka met ansanm pou anpeche chanjman k ap fèt nan klima a lakòz yon katastwòf? — Sa Bib la di?

 Konferans Nasyonzini sou chanjman k ap fèt nan klima a (COP27) te fini jou ki te dimanch 20 novanm 2022 a. Lidè ak ekspè ki te asiste konferans sa a te dakò pou yo bay peyi ki pi pòv yo kòb pou ede yo fè fas ak konsekans katastwòf natirèl yo. Men, anpil moun kwè sa pap rezoud pwoblèm chanjman k ap fèt nan klima a.

  •   “Mwen byen kontan dèske nou deside sere kòb pou ede peyi ki sibi konsekans chanjman ki gen nan klima a, men, li klè sa pa sifi [...]. Planèt nou an toujou an danje.” — António Guterres, sekretè jeneral Nasyonzini, 19 novanm 2022.

  •   “Monn nan toujou sou wout pou l sibi yon gwo katastwòf akoz chanjman ki gen nan klima a.” — Mary Robinson, ansyen prezidan Ilann e li te alatèt Wo Komisarya Nasyonzini pou dwa moun, 20 novanm 2022.

 Jèn yo sitou enkyè anpil lè y ap panse ak avni planèt nou an. Men, èske nasyon yo ka met ansanm pou yo kenbe pwomès yo fè pou yo rezoud kesyon chanjman ki gen nan klima a? Sa Bib la di?

Èske nasyon yo ap met ansanm e y ap reyisi?

 Labib fè konnen menmsi gouvènman lèzòm yo ta rive fè yon ti amelyorasyon nan kesyon chanjman ki gen nan klima a, yo pap rive rezoud pwoblèm nan. Men de rezon ki fè sa:

  •   “Sa ki kwochi pa ka vin dwat.” — Eklezyas 1:15.

     Sa sa vle di: Gouvènman yo gen limit paske lèzòm pa t fèt pou dirije tèt yo (Jeremi 10:23). Menmsi nasyon yo ta mete tèt yo ansanm, yo pap kapab rezoud pwoblèm monn nan, kèlkeswa kantite efò yo ta fè.

  •   “Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, y ap renmen lajan, [...] yo pap dispoze antann yo.” — 2 Timote 3:2, 3.

     Sa sa vle di: Labib te gentan fè konnen anpil moun nan epòk nou an t ap egoyis e yo pa t ap dispoze travay ansanm pou yo fè byen pou lòt moun.

Nou gen yon rezon pou nou espere

 Sepandan, avni planèt nou an pa depann de pwomès gouvènman lèzòm yo fè. Bondye te gentan chwazi yon Dirijan ki kapab dirije monn nan, anpalan de Jezi Kris. Men sa Bib la di de Jezi:

  •   “Paske, gen yon timoun ki vin fèt pou nou. Yo ban nou yon pitit gason. E gouvènman an ap sou zepòl li. Y ap rele l gran Konseye, Dye pisan, Papa ki la pou toutan, Prens lapè.” — Ezayi 9:6, nòt.

 Jezi se Wa nan Wayòm Bondye a, oswa gouvènman ki nan syèl la (Matye 6:10). Li gen pouvwa, li gen sajès e l gen volonte pou l pran swen planèt la ak tout moun ki sou li (Sòm 72:12, 16). Anba direksyon Jezi, gouvènman sa a ki nan syèl la pral fè moun “k ap detwi tè a” sispann aksyon yo e l ap fè klima a tounen anfòm ankò. — Revelasyon 11:18; Ezayi 35:1, 7.

 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou solisyon pou chanjman klima a k ap lakòz gwo katastwòf, li atik “Ki efè chanjman ki gen nan klima a ka gen sou avni nou? — Sa Bib la di sou sa?