Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anwo agoch: Marek M. Berezowski/​Anadolu Agency via Getty Images; anba agoch: Halfpoint Images/​Moment via Getty Images; nan mitan: Zhai Yujia/​China News Service/​VCG via Getty Images; anwo adwat: Ismail Sen/​Anadolu Agency via Getty Images; anba adwat: E+/​taseffski/​via Getty Images

KONTINYE VEYE!

2023: Yon ane ki te bay anpil kè kase — Ki sa Bib la di?

2023: Yon ane ki te bay anpil kè kase — Ki sa Bib la di?

 Pandan ane 2023 a, evènman ki pase toupatou sou tè a bay prèv klè n ap viv nan epòk Bib la rele “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1.) Gade ki jan sa k ap pase jodi a se menm bagay Bib la te gentan fè konnen ki t ap rive nan epòk nou an.

Sa Bib la te di sou evènman k ap pase nan monn nan

 “Lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè.” — Matye 24:6.

  •   “Vin gen plis konfli ki lakòz vyolans plizyè kote nan monn nan.” a

 “Tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt.” — Mak 13:8.

  •   “Depi kòmansman ane 2023 a, te gen 13 tranblemanntè toupatou sou tè a ki te depase mayitid 7, se youn nan pi gwo chif nan yon ane depi yo te kòmanse anrejistre tranblemanntè ki fèt.” b

 “Moun […] wè bagay k[i] fè yo pè.” — Lik 21:11.

  •   “Epòk kote tè a t ap chofe a fini. Kounye a, tè a se bouyi l ap bouyi.” — António Guterres, sekretè jeneral Nasyonzini. c

 “Rate manje.” — Matye 24:7.

  •   “2023: Yon lòt ane kè kase pou anpil fanmi ki gen gwo difikilte pou yo jwenn manje.” d

 “Tan yo […] di, yo [...] difisil pou moun sipòte.” — 2 Timote 3:1.

  •   “Sou chak uit moun sou tè a, gen youn ladan yo ki gen yon pwoblèm mantal kèlkonk.” e

Ki sa pou n atann pou ane 2024 la?

 Pa gen moun ki konnen egzakteman sa ane 2024 la ap pote. Men, evènman k ap pase nan monn nan montre talè konsa Wayòm Bondye a, sa vle di gouvènman ki nan syèl la, pral ranplase gouvènman lèzòm yo e l pral retire tout sa k lakòz soufrans ak kè kase. — Dànyèl 2:44; Revelasyon 21:4.

 Annatandan, lè nou gen kè kase, nou ka chèche èd nan men Bondye. Labib di:

 “Lè laperèz anvayi m, se nan ou mwen met konfyans mwen.” — Sòm 56:3.

 Ki jan nou ka montre nou met konfyans nou nan Bondye? Nou ankouraje w aprann plis sou pwomès Bib la fè pou nou viv san soufrans. Eseye pwogram etid Labib gratis nou an pou w wè ki jan pwomès nan Bib la ka pwofitab pou ou menm ak fanmi w.

a Foreign Affairs, “A World at War: What Is Behind the Global Explosion of Violent Conflict?” dapre Emma Beals ak Peter Salisbury, 30 oktòb 2023.

b Earthquake News, “Year 2023: Number of Major Earthquakes on Course for Record,” me 2023.

c United Nations, “Secretary-General’s Opening Remarks at Press Conference on Climate,” 27 jiyè 2023.

d World Food Programme, “A Global Food Crisis.”

e World Health Organization, “World Mental Health Day 2023,” 10 oktòb 2023.