Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Francesco Carta fotografo/Moment via Getty Images

Gen plis moun ki santi yo poukont yo — Sa Bib la di

Gen plis moun ki santi yo poukont yo — Sa Bib la di

 Selon yon ankèt yo te fè plizyè kote sou tè a sa pa gen lontan, a sou chak kat moun gen youn ki santi l poukont li.

  •   “Kèlkeswa laj yon moun, kèlkeswa kote l ye, li kapab santi l poukont li, li pa gen pèsonn pou l pale.” — Chido Mpemba, youn nan moun ki responsab Komisyon òganizasyon mondyal lasante nan domèn relasyon moun.

 Malgre sa anpil moun panse, se pa moun ki granmoun sèlman oswa moun ki pa gen moun ap viv nan kay avèk yo ki konn santi yo poukont yo. Moun ki jèn, ki an sante, moun afè yo ap byen mache ak moun ki marye, ka santi yo poukont yo. Lè yon moun pa gen kontak ak lòt moun oswa li santi l poukont li, sa ka gen gwo efè sou sante l ak santiman l.

  •   Men sa Dr. Vivek Murthy, Chirijyen jeneral Etazini, di: “Lè yon moun santi l poukont li, se pa jis yon move sansasyon. Nou ka konpare risk ki genyen pou yon moun mouri paske l pa gen kontak ak lòt moun ak risk ki genyen lè yon moun fimen 15 sigarèt pa jou.”

Sa Bib la di

 Kreyatè nou an pa vle nou izole tèt nou. Depi lè Bondye kreye lèzòm, li te toujou vle pou yo gen bon zanmi, zanmi k ap fè yo gen kè kontan.

  •   Prensip biblik: “[Bondye] di: ‘“Li pa bon pou gason an kontinye rete poukont li.’” — Jenèz 2:18.

 Bondye vle nou byen avè l. Li pwomèt l ap vin pwòch nou si nou menm nou fè efò pou n vin pwòch li. — Jak 4:8.

  •   Prensip biblik: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye, piske Wayòm syèl la se pou yo.” — Matye 5:3.

 Bondye vle nou adore l ansanm ak lòt moun. Lè nou fè sa, sa ede nou pou n santi n pi byen.

  •   Prensip biblik: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, […] men annou youn ankouraje lòt.” — Ebre 10:24, 25.

 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou rezon ki fè l enpòtan pou w pa toujou poukont ou, li atik “La solitude à l’ère de la communication.”

a The Global State of Social Connections, dapre Meta and Gallup, 2023.