Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Surasak Suwanmake/Moment via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Gwo vag chalè toupatou sou tè a pandan ete 2023 a — Ki sa Bib la di?

Gwo vag chalè toupatou sou tè a pandan ete 2023 a — Ki sa Bib la di?

 Toupatou sou tè a, moun ap rele pou gwo chalè ak katastwòf li lakòz, nan yon nivo yo potko janm wè anvan sa. Men kèk rapò:

  •   “Depi lèzòm te kòmanse anrejistre tanperati, sa gen 174 an, se premye fwa li te fè cho konsa nan mwa jen ki sot pase a.” — National Oceanic and Atmospheric Administration, U.S. Department of Commerce, 13 jiyè 2023.

  •   “Itali, Espay, Lafrans, Almay ak Pòlòy, tout ap fè fas ak gwo chalè e yo atann pou tanperati a rive jis nan 48°C [118°F] sou zile Sisil ak Sadèy. Se kapab premye fwa l ap fè cho konsa ann Ewòp.” — European Space Agency, 13 jiyè 2023.

  •   “Pandan gen gwo chalè k ap frape tè a, nou dwe atann nou ap gen anpil gwo lapli k ap tonbe pi souvan, sa k ap lakòz plis inondasyon.” — Stefan Uhlenbrook, director of hydrology, water and cryosphere nan the World Meteorological Organization, 17 jiyè 2023.

 Èske w enkyete akoz gwo chalè oswa gwo fredi ki genyen kounye a? Gade sa Bib la di sou sijè enpòtan sa a.

Èske gwo chalè oswa gwo fredi ki genyen yo se reyalizasyon yon pwofesi nan Bib la?

 Wi. Gwo chalè ki genyen toupatou sou tè a ak lòt pwoblèm nan tanperati a byen mache ak sa Bib la te gentan di ki t ap rive nan epòk nou an. Pa egzanp, Jezi te fè konnen t ap gen “bagay terib” oswa “gwo kokenn chenn siy”. (Lik 21:11; Bib la.) Tanperati k ap monte toupatou sou tè a fè anpil moun pè, paske yo panse lèzòm ap fè l enposib pou moun kontinye viv sou tè a.

Èske ap rive yon lè moun pap ka viv sou tè a ankò?

 Non. Bondye te kreye tè a pou nou rete pou toutan, li pap kite lèzòm detwi l (Sòm 115:16; Eklezyas 1:4). Anfèt, li fè konnen l ap “detwi moun k ap detwi tè a”. — Revelasyon 11:18.

 Labib montre Bondye kapab e li pral pwoteje tè a kont katastwòf.

  •   “[Bondye] kalme van tanpèt la, lanm lanmè yo sispann fè bri.” (Sòm 107:29). Bondye gen pouvwa pou l kontwole tout fòs lanati. Li kapab rezoud pwoblèm ki gen nan anviwònman an ki lakòz moun ap soufri anba gwo chalè oswa gwo fredi.

  •   “Ou pran swen tè a, ou fè l pwodui anpil, ou fè l gra anpil.” (Sòm 65:9). Bondye ap beni tè a, l ap fè l vin yon paradi.

 Pou w aprann plis konsènan pwomès Bib la fè pou Bondye retabli anviwònman an, gade atik “Kiyès ki pral sove tè a?