Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Photo by Zhai Yujia/China News Service/VCG via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Gwo inondasyon ki lakòz dega — Sa Bib la di

Gwo inondasyon ki lakòz dega — Sa Bib la di

 Sou tout tè a, gen anpil moun k ap sibi dega gwo inondasyon lakòz. Men sa kèk rapò fè konnen:

  •   “Nan dènye jou sa yo, ant samdi ak mèkredi, kantite lapli ki te tonbe nan kapital peyi Lachin se te […] 744, 8 milimèt dlo. Se premye fwa depi omwen 140 an peyi a jwenn gwo lapli konsa.” — AP News, 2 out 2023.

  •   “Jedi te fè dezyèm jou depi siklòn Khanun te frape sid peyi Japon e l te vin ak gwo lapli ak gwo van ki touye omwen de moun […]. Yo panse kantite lapli ki kapab tonbe, akoz siklòn sa a, nan pati santral Taywann ki gen mòn ka rive jiska 0, 6 mèt wotè.” — Deutsche Welle, 3 out 2023.

  •   “Gwo lapli ki te tonbe nan [Nouvèl Ekòs] pandan wikenn nan te lakòz inondasyon, e se premye fwa depi 50 an, gwo lapli konsa frape kòt Atlantik Kanada.” — BBC News, 24 jiyè 2023.

 Ki sa Bib la di sou sa?

Yon siy “dènye jou yo”

 Bib la fè konnen n ap viv nan yon peryòd li rele “dènye jou yo.” (2 Timote 3:1.) Nan pwofesi Jezi te bay pou epòk nou an, li te fè konnen nou t ap “wè bagay k ap fè [nou] pè”. (Lik 21:11.) Chanjman ki gen nan klima a lakòz yon seri katastwòf moun pa ka prevwa, ki fèt pi souvan e ki gen plis fòs.

Yon rezon pou n gen espwa

 Bib la fè nou konnen bagay k ap fèt sou tè a jodi a e ki fè nou pè se yon rezon pou n gen espwa. Sa k fè sa? Jezi te di: “Lè nou wè bagay sa yo ap rive, konnen Wayòm Bondye a toupre.” — Lik 21:31; Mat. 24:3.

 Evènman nou wè k ap rive yo se yon siy ki montre, talè konsa, Wayòm Bondye a pral gen kontwòl nèt sou lanati, sa gen ladan l pwosesis pou toujou gen dlo sou tè a. — Jòb 36:27, 28; Sòm 107:29.

 Pou w aprann plis sou fason Wayòm Bondye a pral rezoud pwoblèm anviwònman an, gade atik “Kiyès ki pral sove tè a?