Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan w ka kontwole kantite bwason ki gen alkòl ou bwè?

Ki jan w ka kontwole kantite bwason ki gen alkòl ou bwè?

Gen moun ki bwè plis bwason ki gen alkòl lè yo santi yo strese, lè yo santi yo poukò yo, oswa lè yo santi yo raz. Èske w bwè plis alkòl pase sa w te konn bwè anvan? Si repons lan se wi, ki sa w ka fè pou w pa bwè twòp alkòl oswa pou w pa vin esklav alkòl? Ann egzamine kèk enfòmasyon pratik ki ka ede w kontwole kantite alkòl ou bwè.

 Ki kantite alkòl ki rezonab pou yon moun bwè?

Sa Bib la di: “Pinga w vin yon moun ki bwè twòp diven.” — Pwovèb 23:20.

Fè yon ti reflechi: Bib la pa di yon moun pa dwe bwè alkòl, men li dwe fè sa yon fason ki rezonab (Eklezyas 9:7). Bib la fè diferans ant bwè yon kantite ki rezonab, bwè twòp ak bwè pou sou (Lik 21:34; Efezyen 5:18; Tit 2:3). Menm lè yon moun ki bwè twòp pa vin sou, sa ka lakoz li pran move desizyon e sa ka gen yon efè sou sante l ak relasyon l genyen ak lòt moun. — Pwovèb 23:29, 30.

Anpil otorite fè diferans ant bwè yon kantite alkòl ki rezonab ak bwè twòp. Pou yo rive fè sa, yo kalkile konbyen bwason ki gen alkòl yon moun bwè pa jou ak konbyen jou pa semèn li bwè. a Men, kòm alkòl pa gen menm efè sou tout moun, gende lè li ka pi bon pou yon moun deside pa bwè ditou. Selon Òganizasyon mondyal lasante (OMS):

“Menm yon bwason oswa de ka twòp, pa egzanp:

  • Si w ap kondui oswa w ap sèvi ak aparèy pou w fè yon travay.

  • Si w ansent oswa w ap bay pitit ou tete.

  • Si w ap pran kèk medikaman.

  • Si w soufri kèk maladi.

  • Si w pa ka jere kantite alkòl ou bwè.”

 Ki jan w ka konnen si w vin esklav alkòl?

Sa Bib la di: “Annou byen gade wout nou yo, annou byen egzamine yo.” — Lamantasyon 3:40.

Fè yon ti reflechi: Ou ka pwoteje tèt ou kont danje ki genyen nan bwè alkòl lè w egzamine regilyèman rezon ki fè ou bwè ak kantite alkòl ou bwè, epi fè chanjman lè sa nesesè. Reflechi sou siy ki vin annapre yo k ap ede w wè si w pèdi kontwòl.

  • Ou bezwen bwè alkòl pou w ka santi w kontan. Ou santi w bezwen bwè pou w rilaks, pou w pase tan ak lòt moun oswa pou w ka pase yon bon moman. Ou bezwen bwè pou w fè fas ak pwoblèm ou yo.

  • Ou bwè plis alkòl pase sa w te konn bwè anvan. Ou bwè pi souvan. Ou bwè alkòl ki pi pike. Ou oblije bwè plis pou w santi menm efè ou te konn santi anvan an.

  • Lefètke w bwè, sa konn lakoz ou gen pwoblèm nan fanmi w oswa nan travay ou. Pa egzanp, ou depanse plis pase sa w ta dwe depanse nan bwè alkòl.

  • Ou pran move desizyon lè w bwè, pa egzanp, ou deside kondui, ou deside naje oswa ou deside sèvi ak aparèy pou w fè yon travay.

  • Lòt moun di w ou bwè twòp. Lè lòt moun di w sa, ou fache oswa ou chèche jistifye tèt ou. Ou eseye kache kantite alkòl ou bwè oswa ou bay manti sou kantite ou bwè.

  • Ou pa ka sispann bwè. Ou deja eseye bwè mwens oswa w eseye pa bwè ditou men ou pa reyisi.

 Senk konsèy pou ede w kontwole kantite bwason ki gen alkòl ou bwè

1. Ou dwe gen yon plan.

Sa Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè.” — Pwovèb 21:5.

Eseye fè sa: Chwazi ki jou nan semèn nan ou deside bwè alkòl. Etabli yon limit sou kantite w ap bwè nan jou sa yo. Epi, pwograme omwen de jou nan semèn nan ou pap bwè okenn alkòl.

Men sa yon òganizasyon ann Angletè ki bay fòmasyon sou kesyon bwè alkòl di: “Pi bon fason pou w pa vin esklav alkòl se lè ou deside pa bwè regilyèman.”

2. Fè sa w te planifye a.

Sa Bib la di: “Fini sa nou te kòmanse a.” — 2 Korentyen 8:11.

Eseye fè sa: Chèche konnen ki kantite alkòl ki gen nan yon bwason, konsa w ap ka mezire kantite alkòl ou bwè. Chèche kèk bwason ou renmen bwè ki pa gen alkòl e toujou genyen yo sou lamen.

Men sa yon òganizasyon Ozetazini (U.S. National Institute on Alcohol Abuse and Alcoholism) di: “Si w fè kèk ti chanjman, ou ka redui posiblite pou w gen pwoblèm akoz alkòl.”

3. Pran detèminasyon pou w fè sa w te deside fè a.

Sa Bib la di: “Se pou ‘Wi’ nou vle di wi, e se pou ‘Non’ nou vle di non.” — Jak 5:12.

Eseye fè sa: Prepare lespri w pou w di “Non” yon fason ki janti men avèk konviksyon, si yon moun ta ofri w yon bwason ki gen alkòl lè sa pa ann amoni ak plan ou te fè a.

Men sa yon òganizasyon Ozetazini (U.S. National Institute on Alcohol Abuse and Alcoholism) fè konnen: “Toutotan ou ka reponn non byen vit lè yo ofri w yon bwason ki gen alkòl lè sa pa ann amoni ak plan w nan, se plis w ap ka kenbe detèminasyon w pou w pa bwè.”

4. Konsantre sou byenfè w ap jwenn grasa desizyon sa a.

Sa Bib la di: “Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse.” — Eklezyas 7:8.

Eseye fè sa: Fè yon lis diferan rezon ki fè w ta renmen kontwole kantite alkòl ou bwè. Ajoute sou lis la bagay tankou pi byen dòmi, gen yon pi bon sante, depanse mwens lajan ak pi bon relasyon ak lòt moun. Lè w ap pale ak lòt moun sou desizyon ou pran an, konsantre sou byenfè w ap jwenn olye ou konsantre sou pwoblèm ou ka rankontre.

5. Mande Bondye pou l ede w.

Sa Bib la di: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” — Filipyen 4:13.

Eseye fè sa: Si w santi w gen enkyetid sou kantite bwason ki gen alkòl ou bwè, mande Bondye pou l ede w. Mande l pou l ba w fòs e pou l ede w gen metriz. b Aprann konnen sa Labib, ki se Pawòl Bondye a, di kapab ede w. Avèk èd Bondye, ou kapab aprann kontwole kantite alkòl ou bwè.

a Pa egzanp, men sa yon òganizasyon Ozetazini (U.S. Department of Health and Human Services) di: “Yon fi bwè twòp si l bwè 4 bwason ki gen alkòl oswa plis pa jou oubyen li bwè 8 bwason ki gen alkòl oswa plis pa semèn. Yon gason bwè twòp si l bwè 5 bwason ki gen alkòl oswa plis pa jou oubyen li bwè 15 bwason ki gen alkòl oswa plis pa semèn.” Kantite alkòl yo konsidere kòm yon bwason yon moun bwè diferan selon peyi a, donk pale ak yon pwofesyonèl sante sou kantite alkòl ki rezonab pou ou pèsonèlman.

b Si w pa ka kontwole kantite alkòl ou bwè, ou ka bezwen èd yon pwofesyonèl nan domèn sa a.