Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

alfa27/stock.adobe.com

KANPAY ENVITASYON POU MEMORYAL LA

Jezi pral fini ak mechanste

Jezi pral fini ak mechanste

 Jezi konnen ki jan yon moun santi l lè l viktim mechanste ak enjistis. Yo te lage fo akizasyon sou do l, yo te bat li yon fason ki ilegal, yo te fè yon swadizan jijman pou li, yo te kondane l pou yon bagay li pa t fè e yo te touye l yon fason ki te kriyèl anpil. Byenke li te inosan, li te aksepte fè sakrifis lè l te bay “lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. (Matye 20:28; Jan 15:13.) Antanke Wa nan Wayòm Bondye a, talè konsa, li pral fè jistis blayi toupatou sou tè a, lè l fini ak mechanste nètale. — Ezayi 42:3.

 Bib la fè konnen ki jan monn nan pral ye lè Jezi pral pase alaksyon:

  •   “Mechan yo pap la ankò, w ap gade kote yo te ye yo, ou pap jwenn yo. Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” — Sòm 37:10, 11.

 Ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou sa Jezi deja fè pou nou ak sa l pral fè pou nou talè konsa? Nan Lik 22:19, Jezi te di disip li yo pou yo komemore lanmò l. Se pou rezon sa a, Temwen Jewova yo reyini ansanm chak ane nan dat li te mouri a. N ap envite w vin selebre Memoryal lanmò Jezi a avèk nou dimanch 24 mas 2024 la.

Chèche yon Memoryal