Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pawel Gluza/500Px Plus/Getty Images

KONTINYE VEYE!

Kantite bèt nan bwa ki gen jodi a se sèlman yon ka parapò ak kantite ki te genyen sa gen 50 an — Ki sa Bib la di?

Kantite bèt nan bwa ki gen jodi a se sèlman yon ka parapò ak kantite ki te genyen sa gen 50 an — Ki sa Bib la di?

 Nan dat 9 oktòb 2024 la, òganizasyon yo rele an fransè Fonds mondial pour la nature (WWF) pibliye yon rapò enkyetan konsènan move efè aktivite lèzòm ap fè genyen sou bèt yo. Li montre “pandan 50 ane ki sot pase yo (1970-2020), kantite bèt nan bwa yo te suiv yo te bese anviwon 73 pousan”. Men yon avètisman rapò a bay: “Nou ka di sa k pral fèt nan senk ane k ap vini yo ap ede nou konnen ki jan lavi a ap ye sou tè a alavni.”

 Nou byen konprann sa k fè anpil moun sezi lè yo tande mòd rapò sa yo. Nou renmen bèl tè nou an e nou pa renmen wè bèt yo k ap soufri. Nou santi nou konsa paske Bondye te vle nou pran swen bèt yo. — Jenèz 1:27, 28; Pwovèb 12:10.

 Nan ka sa a, ou ka ap mande tèt ou: ‘Èske n ap rive pwoteje bèt nan bwa yo? Ki sa Bib la di?’

Yon espwa pou demen

 Malgre tout efò lèzòm fè, avni bèt yo pa nan men nou, men li nan men Bondye. Bib la te gentan fè konnen nan Revelasyon 11:18, Bondye pral “detwi moun k ap detwi tè a”. Vèsè sa a aprann nou de bagay:

  1.  1. Bondye ap anpeche lèzòm fin detwi tè a.

  2.  2. Talè konsa, Bondye pral aji. Ki jan nou fè konn sa? Paske depi lèzòm egziste, se premye fwa yo gen tout kapasite sa a pou yo detwi bèt nan bwa yo.

 Ki sa Bondye pral fè pou rezoud pwoblèm sa a? Li pral sèvi ak gouvènman l lan, oswa Wayòm li an, ki nan syèl la pou l dirije tout tè a (Matye 6:10). Gouvènman sa a pral bay moun ki obeyisan yo bonjan enstriksyon ak fòmasyon yo bezwen pou yo pran swen bèt yo epi pwoteje yo. — Ezayi 11:9.