Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan lavi te kòmanse?

Ki jan lavi te kòmanse?

Ki repons ou t ap bay?

LAVI SE REZILTA. . .

  1. EVOLISYON

  2. KREYASYON

 Gen moun ki panse si ou mande yon moun ki enterese nan lasyans l ap chwazi “evolisyon” e si moun nan enterese nan relijyon l ap chwazi “kreyasyon”.

 Men sa pa toujou konsa.

 Anfèt, anpil moun ki fè gwo etid, san wete anpil syantifik, gen dout sou teyori evolisyon an.

 Pa egzanp Gerard, yon pwofesè antomoloji (yon moun ki fè etid sou ensèk), ki te etidye teyori evolisyon an lekòl, te di: “Lè m te konn gen egzamen, m te konn bay pwofesè yo repons yo t ap kontan jwenn yo, men m pa t kwè nan sa yo t ap anseye m yo.”

 Poukisa menm moun ki enterese nan lasyans pa fin dakò se grasa evolisyon vin gen lavi? Pou n reponn, ann egzamine de kesyon ki twouble anpil nan moun k ap fè rechèch yo: 1) Ki jan lavi a te kòmanse? e 2) Ki jan bagay k ap viv yo te rive evolye?

Ki jan lavi a te kòmanse?

 SA KÈK MOUN DI. Lavi parèt bridsoukou apati bagay ki pa gen vi nan yo.

 POUKISA KÈK MOUN PA SATISFÈ AK REPONS SA A. Jodi a, syantifik yo gen plis enfòmasyon nan domèn chimik ak sou fason molekil yo fonksyone pou bay lavi, men aktout sa yo poko janm ka di, avèk asirans, ki kote lavi soti. Gen yon gwo diferans ant bagay ki pi senp ki gen vi ladan yo ak bagay ki pa gen vi ladan yo.

 Se imajine syantifik yo ka sèlman imajine ki jan lavi sou tè a te ye okòmansman, sa gen plizyè milya ane. Yo gen pwennvi diferan sou jan lavi a te kòmanse, pa egzanp, swa nan yon vòlkan oubyen nan fon oseyan an. Gen lòt moun ki kwè konpozan ki bay lavi yo soti yon kote nan linivè a e yo rive sou tè a pa mwayen meteyò yo. Men, esplikasyon sa a toujou pa di ki kote lavi soti, li jis deplase sijè a sou tè a al nan lespas.

 Syantifik yo eseye bay detay sou molekil ki te vin anvan materyèl jenetik la fason nou konnen l jodi a. Sanble molekil sa yo te parèt bridsoukou apati bagay ki pa gen vi nan yo e yo te repwodui tèt yo poukont yo. Epoutan, lasyans pa jwenn okenn prèv ki montre molekil sa yo te janm egziste vre, e syantifik yo pa janm rive kreye molekil sa yo nan laboratwa.

 Se sèl bagay ki vivan yo ki stoke epi ki jere enfòmasyon jan yo fè l la. Selil yo transmèt, yo entèprete, epi yo suiv enstriksyon ki nan kòd jenetik yo a. Gen syantifik ki konpare kòd jenetik la ak yon lojisyèl yo fè pou òdinatè epi yo konpare konpozisyon selil la ak materyèl yo itilize nan enfòmatik yo. Men evolisyon an pa ka esplike ki kote enfòmasyon ki nan kòd jenetik yo soti.

 Pwoteyin yo nesesè pou selil la fonksyone. An jeneral, pwoteyin yo gen plizyè santèn asid amine ki byen ranje nan lòd youn parapò ak lòt. Anplis de sa, pwoteyin nan dwe gen yon fòm an twa dimansyon pou l ka itil. Gen kèk syantifik ki menm di pwobablite pou yon sèl pwoteyin fòme poukont li prèske egal zewo. Men sa Paul Davies, yon fizisyen ekri: “Piske yon selil k ap fonksyone bezwen plizyè milye pwoteyin, li pa fè sans pou n ta panse yo parèt poukont yo yon fason ki pa detèmine alavans.”

 KONKLIZYON. Apre plizyè dizèn ane rechèch nan tout branch lasyans yo, reyalite a montre lavi soti sèlman nan bagay ki t ap viv deja.

Ki jan bagay k ap viv yo te rive evolye?

 SA KÈK MOUN DI. Premye òganis vivan an te evolye tikras pa tikras pou l vin tounen plizyè lòt òganis vivan, lèzòm ladan l tou. Sa te fèt pa mwayen yon pwosesis ki fè òganis lan transfòme yon fason ki pa detèmine alavans e ak yon seleksyon natirèl.

 POUKISA KÈK MOUN PA SATISFÈ AK REPONS SA A. Gen selil ki pi konplike pase lòt. Gen yon ansiklopedi ki deklare, fason yon selil senp ta ka vin evolye pou l vin yon selil ki pi konplèks “se dezyèm pi gwo mistè ki genyen nan kesyon evolisyon an, apre mistè orijin lavi a”.

 Syantifik yo dekouvri nan chak molekil ki gen nan chak selil gen yon seri pwoteyin ki travay ansanm pou fè yon seri aktivite ki konplike. Aktivite sa yo gen ladan yo transpòte epi konvèti vitamin yo an enèji, repare plizyè pati nan selil la epi voye mesaj nan tout selil la. Èske yon seri chanjman ki fèt yon fason ki pa detèmine alavans ak yon seleksyon natirèl t ap ka met eleman konplike sa yo ansanm epi fè yo fonksyone? Anpil moun mal pou aksepte ide sa a.

 Bèt ak moun devlope apati yon sèl ze ki te fekonde. Nan anbriyon an, selil yo miltipliye epi yo separe an plizyè gwoup diferan ki gen diferan fòm ak fonksyon pou yo fòme divès pati ki nan kò a. Evolisyon pa ka esplike ki jan chak selil fè “konnen” ki sa pou l tounen e ki kote li dwe ale nan òganis lan.

 Jodi a, syantifik yo rann yo kont pou yon bèt evolye pou l ta vin yon lòt bèt, sa t ap mande pou chanjman yo fèt anndan selil la, depi nan molekil yo. Piske syantifik yo pa ka esplike ki jan evolisyon an ka fè menm selil ki “pi senp” lan vin egziste, èske n ka kwè yon seri chanjman ki fèt yon fason ki pa detèmine alavans ak yon seleksyon natirèl ta ka bay tout kalite bèt sa yo ki gen sou planèt la? Men sa Michael Behe, yon pwofesè byoloji, di konsènan fason bèt yo fèt la: “Rechèch yo montre se yon bagay ki vrèman konplike nan yon pwen moun pa t ap janm imajine.” Epitou li ajoute: “Pa gen okenn rechèch ki rive esplike n ki jan yon bagay konplike konsa ta ka soti nan yon bagay ki pa gen okenn entèlijans.”

 Lèzòm konsyan yo egziste, yo gen kapasite pou yo panse e pou yo rezone, yo demontre kalite moral tankou renmen bay, lespri sakrifis epi yo konn sa ki bon ak sa ki mal. Yon seri chanjman ki fèt yon fason ki pa detèmine alavans ak yon seleksyon natirèl pa ka esplike ki jan lèzòm fè gen kalite sa yo.

 KONKLIZYON. Toutpandan anpil moun toujou kwè se grasa evolisyon lavi parèt e se yon bagay ki ta dwe klè pou tout moun, anpil lòt moun pa satisfè ak repons teyori evolisyon an bay konsènan jan lavi te kòmanse e fason l te evolye.

Yon repons ki enpòtan pou n konsidere

 Anpil moun, lè yo egzamine prèv yo, rann yo kont lavi a parèt grasa yon kreyatè ki gen yon entèlijans pi siperyè pase lèzòm. Ann pran egzanp Antony Flew, yon pwofesè filozofi ki te konn ap defann ide ki fè kwè pa gen okenn dye ki egziste. Lè l te vin aprann jan lavi a konplèks anpil e l te aprann gen lwa fizik nan linivè a, li te vin chanje fason l wè bagay yo. Li repran ide filozòf tan lontan yo, lè l ekri: “Nou dwe aksepte agiman nou jwenn yo kèlkeswa kote yo mennen nou.” Pou pwofesè Flew li menm, prèv yo montre byen klè gen yon Kreyatè.

 Gerard, pwofesè nou te pale de li nan kòmansman atik la, te fè menm rezònman an. Byenke li te fè gwo etid e li te fè karyè nan domèn antomoloji, men sa l te di: “M pa wè okenn prèv ki montre lavi parèt bridsoukou apati bagay ki pa gen vi nan yo. Lòd ak konpleksite ki gen nan bagay k ap viv yo konvenk mwen gen yon Gran Achitèk ki byen òganize bagay yo.”

 Menm jan yon moun ka aprann konnen yon atis lè l obsève travay li fè, Gerard te vin aprann konnen kalite Kreyatè a genyen lè l te etidye lanati. Gerard te pran tan tou pou l egzamine Labib, yon liv anpil moun konsidere se Kreyatè a ki fè ekri l (2 Timote 3:16). Ladan l li te jwenn repons ki bay satisfaksyon ak kesyon ki gen rapò ak pase lèzòm e li te jwenn tou solisyon pratik pou pwoblèm lèzòm ap rankontre jodi a. Li menm tou te vin kwè se yon kreyatè ki gen yon entèlijans pi siperyè pase lèzòm ki fè ekri Bib la.

 Jan Gerard te wè sa, li enpòtan pou nou egzamine repons Bib la bay yo. Nou ankouraje w pou w egzamine yo ou menm tou.