Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Bib la di konsènan rate manje ki genyen nan epòk nou an?

Ki sa Bib la di konsènan rate manje ki genyen nan epòk nou an?

 “Zewo grangou”: Se objektif sa a dirijan nan monn nan mete devan yo pou yo rive rezoud youn nan pi gwo pwoblèm lèzòm, anpalan de bay chak grenn moun k ap viv sou tè a manje a. Men, èske yon lè pap gen grangou sou tè a ankò? Ki sa Bib la di?

Bib la te gentan fè konnen t ap gen rate manje nan epòk nou an

 Bib la te fè konnen t ap gen rate manje nan epòk nou an, yon epòk li rele “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1.) Se pa Bondye ki lakòz rate manje ki genyen yo, men li te fè nou konnen t ap gen rate manje (Jak 1:13). Gade de pwofesi nou jwenn nan Bib la sou sa:

 “Pral gen rate manje [...] nan yon zòn apre yon lòt.” (Matye 24:7). Pwofesi sa a te fè konnen t ap gen rate manje plizyè kote nan monn nan. Yon bagay ki enteresan sèke nan yon dènye rapò ki soti, men sa kèk moun k ap fè rechèch sou fason yo pwodui manje e yo fè moun jwenn li te fè konnen: “Sitiyasyon monn nan anrapò ak grangou, manje bon kalite ki manke oswa rate manje ki genyen ap vin pi mal.” b Gen plizyè milyon moun nan yon pakèt peyi ki pa ka jwenn manje yo bezwen. Malerezman, sa lakòz anpil ladan yo mouri.

 “Mwen gade, mwen wè yon cheval nwa, e moun ki chita sou li a te gen yon balans nan men l.” (Revelasyon 6:5). Nan pwofesi sa a, cheval la ak moun ki sou li a reprezante grangou ki genyen nan dènye jou yo. c Balans ki nan men moun ki sou cheval la se pou l peze manje. Pandan moun ki sou cheval la ap galope, gen yon vwa ki fè konnen pri manje yo t ap vin wo anpil e l avèti moun yo pou yo pa gaspiye manje yo bezwen chak jou yo (Revelasyon 6:6). Sa montre aklè rate manje n ap fè fas jounen jodi a, kote gen plizyè milya moun ki pa ka jwenn oswa ki pa ka achte manje ki bon pou sante yo.

Fason kesyon rate manje a pral fini

 Espesyalis yo fè konnen tè a pwodui plis manje pase manje ki nesesè pou nouri tout moun k ap viv sou li. Nan ka sa a, ki sa k fè gen rate manje? E ki sa Bib la di Jewova d, Kreyatè nou an, pral fè pou l rezoud pwoblèm sa yo?

 Pwoblèm: Gouvènman yo pa ka elimine povrete ak enjistis ki lakòz moun yo nan grangou.

 Solisyon: Wayòm Bondye a, yon gouvènman ki pafè, pral ranplase gouvènman lèzòm yo, ki enpafè (Dànyèl 2:44; Matye 6:10). Jounen jodi a, anpil moun ki pòv pa toujou kapab achte manje, men lè Wayòm Bondye a ap dirije, sa pral chanje. Men sa Bib la di Jezi Kris, Wa nan Wayòm Bondye a, pral fè: “L ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a, l ap delivre malere a ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l. […] Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:12, 16.

 Pwoblèm: Lagè fè gwo dega e sa lakòz ekonomi an kraze, sa ki fè l difisil pou moun jwenn manje yo bezwen.

 Solisyon: “[Jewova] fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a. Li kase banza a e li fè lans lan fè plizyè moso. Li boule charyo pou fè lagè yo nan dife.” (Sòm 46:9). Bondye pral detwi tout zam moun fè lagè e l ap detwi tout moun ki lakòz lagè. Konsa, tout moun ap gen posiblite jwenn manje san kè sote e lè yo bezwen l. Bib la pwomèt: “Moun ki jis yo ap vin anpil, e lapè ap blayi tout kote.” — Sòm 72:7.

 Pwoblèm: Gwo fredi, gwo chalè ak katastwòf natirèl lakòz moun pèdi rekòt yo ak bèt yo .

 Solisyon: Bondye pral kontwole fòs lanati yo, sa k ap fè gen bonjan kondisyon pou yo pwodui manje. Bib la di: “[Jewova] kalme van tanpèt la, lanm lanmè yo sispann fè bri. […] Li fè dezè yo tounen kote ki plen dlo ak pye wozo, li fè tè sèk la tounen yon kote ki chaje ak sous dlo. Li fè moun ki grangou yo abite la [...]. Yo simen semans nan jaden yo, yo plante jaden rezen ki donnen anpil.” — Sòm 107:29, 35-37.

 Pwoblèm: Moun ki ava e ki kòwonpi pwodui manje ki pa bon pou sante moun oswa yo anpeche moun ki nan bezwen jwenn manje.

 Solisyon: Wayòm Bondye a pral elimine tout moun ki malonèt e ki kòwonpi (Sòm 37:10, 11; Ezayi 61:8). Labib fè konnen Jewova Dye se “Sila a k ap fè moun yo dechèpiye a jwenn jistis la, Sila a ki bay moun ki grangou yo manje a.” — Sòm 146:7.

 Pwoblèm: Toupatou sou tè a, chak ane, gen yon tyè nan manje yo ki gaspiye oswa ki pèdi.

 Solisyon: Lè Wayòm Bondye a pral dirije, moun ki pral responsab stòk manje yo ap byen jere yo. Pandan Jezi te sou tè a, li te fè atansyon pou pa gen gaspiyaj manje. Pa egzanp, yon lè, li te fè yon mirak pou l bay plis pase 5 000 moun manje. Annapre, li te di disip li yo: “Ranmase rès ki rete yo, dekwa pou anyen pa gaspiye.” — Jan 6:5-13.

 Etandone Wayòm Bondye a pral elimine rasin pwoblèm ki lakòz gen grangou, tout moun ap jwenn anpil bon kalite manje ki bon pou sante (Ezayi 25:6). Pou w aprann plis sou ki lè Wayòm Bondye a pral fè tout bagay sa yo, gade atik “Ki lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a?

a Ajanda 2030 pou bonjan devlopman, peyi ki manm Nasyonzini yo te adopte l an 2015.

b Yon rapò Fonds des Nations Unies pour l’enfance, le Fonds international de développement agricole, l’Organisation des Nations Unies pour l’alimentation et l’agriculture, l’Organisation mondiale de la santé et le Programme alimentaire mondial des Nations Unies te pibliye.

c Pou w aprann plis sou kat moun ki sou cheval liv Revelasyon an pale de yo, li atik “Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?

d Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?