Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

sinceLF/E+ via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Kiyès k ap sove sivil yo? — Ki sa Bib la di sou sa?

Kiyès k ap sove sivil yo? — Ki sa Bib la di sou sa?

 Men sa Nasyonzini fè konnen:

  •   Soti 7 pou rive 23 oktòb 2023, konfli ki gen ant Izrayèl ak Gaza gentan lakòz plis pase 6 400 moun mouri ak plis pase 15 200 lòt ki blese. Pifò pami moun sa yo se sivil. Mete sou sa, gen plizyè santèn milye lòt moun ki te oblije kite kay yo.

  •   Pou rive 24 septanm 2023, gè ant Larisi ak Ikrèn nan gentan lakòz 9 701 sivil mouri nan peyi Ikrèn, epi gen 17 748 lòt ki blese.

 Ki espwa Bib la bay pou moun k ap soufri akoz lagè yo?

Yon rezon pou n gen espwa

 Bib la te anonse Bondye pral “fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a”. (Sòm 46:9.) Li pral itilize yon gouvènman oswa yon wayòm ki nan syèl la pou l ranplase tout gouvènman lèzòm yo (Dànyèl 2:44). Wayòm Bondye a pral pote delivrans pou lèzòm.

 Men sa Jezi Kris, Wa nan Wayòm Bondye a, pral fè:

  •   “Paske, l ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a, l ap delivre malere a ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l. L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo, l ap sove lavi moun ki pòv yo. L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — Sòm 72:12-14.

 Bondye ap itilize Wayòm li an pou l retire tout mizè ak soufrans lagè ak vyolans lakòz.

  •   “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:4.

 Talè konsa, Wayòm Bondye a pral fè gwo chanjman sou tè a. Bib la te gentan anonse t ap gen “lagè [...] ak nouvèl sou lagè”, bagay nou wè k ap rive kounye a (Matye 24:6). Evènman sa yo ak lòt ankò montre n ap viv nan “dènye jou” dominasyon lèzòm yo. — 2 Timote 3:1.