Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Manuel Reino Berengui/DeFodi Images via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Èske koup dimonn nan kapab fè lèzòm ini toutbon? — Ki sa Bib la di?

Èske koup dimonn nan kapab fè lèzòm ini toutbon? — Ki sa Bib la di?

 Yo panse gen anviwon senk milya moun k ap gade koup dimonn FIFA ap òganize soti 20 novanm rive 18 desanm 2022 a. Gen anpil moun ki panse evènman sa yo nonsèlman fè plizyè milyon moun reyini pou gade spò, men tou yo ka rive reyalize plis bagay toujou.

  •   “Spò gen pouvwa pou l chanje monn nan. Li gen pouvwa pou l enspire moun. Li gen pouvwa pou l fè moun met tèt ansanm yon fason se sèl li ki ka fè sa.” — Nelson Mandela, ansyen prezidan Afrik disid.

  •   “Foutbòl […] fè moun gen tèt ansanm paske l fè yo santi yo gen espwa, yo gen kè kontan, yo gen menm pasyon, yo renmen youn lòt e l fè yo santi yo enterese nan menm bagay malgre yo diferan.” — Gianni Infantino, prezidan FIFA a.

 Èske koup dimonn nan oswa nenpòt lòt gwo evènman spòtif kapab rive akonpli bèl bagay sa a? Èske gen espwa yon jou ap gen lapè ak inite sou tè a?

Èske l ini moun toutbon?

 Koup dimonn ane sa a pa t jis yon kesyon foutbòl. Match yo te fè moun pale sou yon seri kesyon politik ak kesyon sosyal ki gen rapò ak dwa moun, rasis ak gwo diferans ki genyen ant moun nan kesyon ekonomi.

 Malgre sa, gen anpil moun ki renmen gade evènman tankou koup dimonn nan. Men, menmsi moun yo ta renmen sa vre, evènman sa yo pa kapab fè moun gen tèt ansanm pou lontan. Okontrè, byen souvan yo montre divizyon ki genyen nan mitan moun yo ni nan fason yo panse ni nan fason yo aji, jan Bib la te di sa t ap ye nan epòk li rele “dènye jou yo”. — 2 Timote 3:1-5.

Yon espwa reyèl pou gen inite nan monn nan

 Labib bay bonjan espwa ap gen inite toutbon nan monn nan. Li fè pwomès tout moun sou tè a ap ini anba direksyon yon gouvènman ki nan syèl la ki rele “Wayòm Bondye a”. — Lik 4:43; Matye 6:10.

 Jezi Kris, Wa nan Wayòm sa a, pral asire l gen lapè tout kote sou tè a. Men sa Bib la di:

  •   “Moun ki jis yo ap vin anpil, e lapè ap blayi tout kote.” — Sòm 72:7.

  •   “L ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a [...]. L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — Sòm 72:12, 14.

 Depi jodi a, ansèyman Jezi yo deja ini plizyè milyon moun nan 239 peyi. Yo aprann pou yo pa rayi lòt moun. Pou w aprann plis sou sa, gade seri atik ki gen tit: “Kase chenn lahèn nan”.

a Fédération Internationale de Football Association, (òganizasyon entènasyonal ki jere kesyon foutbòl).