Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

6 Milyon moun mouri akoz kowonaviris — Ki sa Bib la di?

6 Milyon moun mouri akoz kowonaviris — Ki sa Bib la di?

 Selon Òganizasyon mondyal lasante (OML), rive nan dat 23 me 2022, deja gen 6,27 milyon moun ki mouri akoz kowonaviris. Men, nan yon nouvèl yo te bay nan dat 5 me 2022, OML fè konnen selon rechèch yo fè, gen plis moun lontan ki mouri. Yo fè konnen pandan ane 2020 ak 2021, “kantite moun ki te mouri akoz pandemi kowonaviris, kit se paske yo te pran kowonaviris la, kit se akoz yon lòt pwoblèm pandemi an te pote, [...] se anviwon 14,9 milyon moun”. Èske Bib la pale sou gwo pwoblèm sa yo ki pote anpil lapenn?

Bib la te anonse t ap gen gwo pandemi

  •    Jezi te fè konnen nan epòk ki rele “dènye jou yo” t ap gen “epidemi” maladi grav. — Lik 21:11; 2 Timote 3:1.

 Pwofesi Jezi te bay la ap reyalize jodi a. Pou w aprann plis, li atik “Ki sa ki siy ‘dènye jou yo’ oswa ‘tan lafen an’?

Bib la bay konsolasyon

  •    “Bondye tout konsolasyon an, […] konsole nou nan tout eprèv nou yo.” — 2 Korentyen 1:3, 4.

 Anpil moun jwenn konsolasyon nan mesaj ki nan Bib la lè yo gen yon moun pa yo ki mouri. Pou w aprann plis, li atik sa yo ki gen tit: “Sa w ka fè depi jodi a pou w fè fas ak gwo lapenn” ak “Pi bon èd pou moun ki nan gwo lapenn”.

Bib la fè konnen kote n ap jwenn vrè solisyon an

  •    “Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” — Matye 6:10.

 Talè konsa, “Wayòm Bondye a” pral fè l posib pou “pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” ​(Mak 1:14, 15; Ezayi 33:24). Gade videyo ki gen tit: Ki sa Wayòm Bondye a ye? a pou w aprann ki sa gouvènman sa a ki nan syèl la ye ak sa l pral fè.

 Nou envite w aprann plis sou sa Bib la di yon fason pou ou menm ak fanmi w ka jwenn byenfè grasa bonjan konsèy ak bèl pwomès ki gen ladan l.