Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

hadynyah/E+ via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Lagè ak gwo chanjman ki gen nan klima a lakòz gen rate manje — Ki sa Bib la di sou sa?

Lagè ak gwo chanjman ki gen nan klima a lakòz gen rate manje — Ki sa Bib la di sou sa?

 Lagè ann Ikrèn nan, mete ak chanjman ki gen nan klima a, fè gen rate manje toupatou sou tè a. Pwoblèm sa a pi grav nan peyi an devlopman yo kote anpil moun pa ka jwenn ase manje pou yo manje.

  •   “Konfli ki genyen, chanjman nan klima a, pri sous enèji ak lòt bagay fè l difisil pou yo pwodui manje e pou moun jwenn manje.” — António Guterres, Sekretè jeneral Nasyonzini, 17 jiyè 2023.

  •   “Espè yo fè konnen lefètke Larisi pa gen kontra ankò pou l pran manje angren ann Ikrèn pou ekspòte nan lòt peyi, sa fè vin gen plis rate manje e sa lakòz manje vin pi chè nan peyi pòv yo, sitou ann Afrik dinò ak nan Mwayenn Oryan.” — Atalayar.com, 23 jiyè 2023.

 Ann wè sa Bib la di sou rate manje ak sa k gen pou rive alavni.

Bib la te anonse t ap gen rate manje

  •   Men sa Jezi te di nan yon pwofesi: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje.” — Matye 24:7.

  •   Liv Revelasyon an pale de kat moun ki sou cheval yo. Youn nan moun ki sou cheval yo reprezante lagè. Gen yon lòt moun ki sou cheval k ap suiv li ki reprezante grangou, sa vle di yon epòk kote pa t ap gen ase manje e manje t ap chè anpil. “Mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l’ la te kenbe yon balans nan men li. Mwen tande yon vwa [...] ki t’ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay.” — Revelasyon 6:5, 6, Bib la.

 Pwofesi sa yo ki gen rapò ak rate manje ap reyalize jodi a, nan epòk Bib la rele “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1.) Pou w aprann plis konsènan “dènye jou yo” ak sa moun ki sou cheval yo reprezante, gade videyo Monn nan chanje depi 1914 epi li atik “Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?

Fason Bib la kapab ede w

  •   Nou jwenn bonjan konsèy nan Bib la ki ka ede n fè fas ak sitiyasyon difisil yo, sa ki gen ladan l pri manje k ap monte ak rate manje. Pou w jwenn kèk konsèy ki ka ede w, gade atik “Fason w ka aprann viv ak mwens lajan”.

  •   Mete sou sa, Bib la fè nou gen espwa bagay yo ap vin pi bon. Li pwomèt rive yon lè “tè a gen pou l chaje ak manje angren” e tout moun ap gen anpil manje pou yo manje (Sòm 72:16). Pou w aprann plis sou espwa Bib la bay pou lavni ak rezon ki fè w ka fè l konfyans, gade atik “Bonjan espwa pou lavni.”