Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Marek M. Berezowski/Anadolu Agency via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Gè Ikrèn nan pral sou dezyèm ane l — Ki espwa Bib la bay?

Gè Ikrèn nan pral sou dezyèm ane l — Ki espwa Bib la bay?

 Vandredi 24 fevriye 2023 a se yon dat ki tris paske sa pral fè ennan depi lagè ann Ikrèn nan te eklate. Selon sa kèk rapò fè konnen, gen anviwon 300 000 sòlda Ikrèn ak Larisi ki mouri oswa ki blese grav e gen anviwon 30 000 sivil yo panse ki mouri akoz gè a. Sepandan, chif sa yo kapab plis pase sa.

 Malerezman, nou poko wè ki lè gè sa a ap fini.

  •   “Sa gen prèske ennan depi lame peyi Larisi te anvayi Ikrèn, e pa gen okenn siy ki montre gè sa a prèske fini. Pa gen youn nan peyi yo ki montre li siperyè lòt la nan domèn militè e sanble negosyasyon yo pa abouti.” — NPR (National Public Radio), 19 fevriye 2023.

 Gen anpil moun ki tris anpil lè yo wè ki jan gè sa a ak lòt konfli ankò lakòz yon pakèt moun inonsan toupatou nan monn nan ap soufri. Ki espwa Bib la bay? Èske lagè ap janm fini?

Yon gè ki pral mete fen nan tout lòt gè yo

 Labib pale de yon gè ki pap detwi lèzòm, men ki pral sove yo. Yo rele gè sa a Amagedon, e Bib la di se “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. (Revelasyon 16:14, 16.) Grasa gè sa a, Bondye pral mete fen nan dominasyon lèzòm, yon dominasyon ki te lakòz anpil gwo gè. Pou w aprann plis sou fason Amagedon pral fè gen lapè pou toutan, li atik ki annapre yo: