Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Larisi anvayi peyi Ikrèn

Larisi anvayi peyi Ikrèn

 Byen bonè nan maten, nan jou ki te 24 fevriye 2022 a, lame peyi Larisi te kòmanse anvayi peyi Ikrèn, malgre chèf Leta nan plizyè peyi te eseye anpeche sa rive. Ki efè gè sa a ka gen sou monn nan? Men sa António Guterres, sekretè jeneral Nasyonzini, te di sa gen kèk jou: “Menm imajine nou pa ka imajine tout soufrans gè sa a pral lakòz, tout dega l pral fè ak efè l ap genyen sou lòt peyi ann Ewòp ak toupatou nan monn nan.”

Selon Bib la, ki sans evènman sa yo genyen?

Poukisa w ka gen bonjan espwa pou lavni?

  •   Bib la di Bondye pral “fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a”. (Sòm 46:9.) Gade atik “Bonjan espwa pou lavni” an pou w aprann plis sou sa Bondye pwomèt l ap fè pou nou alavni yo.

  •   Jezi te aprann disip li yo pou yo priye pou Wayòm Bondye a vini (Matye 6:9, 10). Wayòm sa a se gouvènman ki nan syèl la ki pral reyalize objektif Bondye gen pou tè a e youn nan objektif sa yo se pou lapè blayi sou tout tè a. Gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye? a pou w aprann ki byenfè Wayòm sa a ka pote pou ou.

 Gen plis pase 129 000 Temwen Jewova k ap viv nan peyi Ikrèn. Menm jan ak Temwen Jewova nan tout lòt peyi, yo imite Jezi lè yo pa mele nan zafè politik monn nan e yo pa patisipe nan lagè (Jan 18:36). Temwen Jewova yo kontinye preche “bon nouvèl . . . konsènan Wayòm nan” toupatou sou tè a, kòm solisyon pou tout pwoblèm lèzòm yo, san wete lagè (Matye 24:14). Nou envite w kontakte nou pou w aprann plis sou mesaj espwa ki gen nan Bib la.

a Pou w ka jwenn plis detay sou pwofesi sa a, gade atik sa yo: “‘Wa nò a’ nan tan lafen an” ak “Kiyès ki ‘wa nò a’ jodi a?”.