Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Lavi a vin pi chè toupatou nan monn nan — Ki sa Bib la di?

Lavi a vin pi chè toupatou nan monn nan — Ki sa Bib la di?

 “Yon lòt fwa ankò gen gwo danje nan ekonomi an toupatou nan monn nan”, se avètisman sa a prezidan Bank mondyal la bay nan yon rapò ki soti an jen 2022. Mete sou sa li di: “Fwa sa a, nonsèlman pri bagay yo ap ogmante, men tou, ekonomi an ap ralanti.”

 “Pri gaz ak pri manje monte byen vit, sa ki sitou afekte moun k ap viv nan peyi ki pa gen gwo mwayen yo.” — Fon monetè entènasyonal.

 Bib la ede n konprann rezon ki fè gen pwoblèm ekonomik sa yo, fason n ka fè fas ak yo ak espwa nou ka genyen ap gen yon bonjan solisyon.

Nan “dènye jou yo”, bagay yo ap vin pi chè

  •   Bib la rele epòk n ap viv la “dènye jou yo”. — 2 Timote 3:1.

  •   Jezi te fè konnen “moun pral wè bagay k ap fè yo pè” nan epòk sa a (Lik 21:11). Pri lavi a k ap ogmante fè moun yo pè. Moun yo pè pou sa k pral rive demen e yo pa konnen si y ap ka pran swen fanmi yo.

  •   Liv Revelasyon an te anonse pri manje t ap ogmante nan epòk nou an. “Mwen tande yon vwa [...] ki t’ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay.” — Revelasyon 6:6, Bib la.

 Pou w aprann plis konsènan “dènye jou yo” ak pwofesi ki nan liv Revelasyon an, gade videyo Monn nan chanje depi 1914 epi li atik “Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?

Solisyon pou tout pwoblèm ekonomik

  •   “Y ap bati kay e y ap abite ladan yo. Y ap plante jaden rezen e y ap manje fwi yo bay. Yo pap bati pou lòt moun abite, e yo pap plante pou lòt moun manje.” — Ezayi 65:21, 22.

  •   “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” — Sòm 72:16.

  •   “Jewova di: ‘Piske y ap toupizi moun k ap soufri yo e yo lakòz moun ki pòv yo ap plenn, m ap pase alaksyon.’” — Sòm 12:5. a

 Talè konsa Bondye pral elimine tout sa ki lakòz enjistis nan domèn ekonomik. Li pap fè sa sèlman nan yon peyi, men l ap fè sa toupatou nan monn nan. Pou w aprann jan Bondye pral fè sa, gade atik “Peut-on espérer un système économique plus juste?

 Men, Bib la ka ede w depi kounye a pou w fè fas ak lavi a k ap vin pi chè de jou an jou. Ki jan l ka fè sa? Bib la bay bonjan konsèy ki kapab ede w sèvi ak lajan w avèk sajès (Pwovèb 23:4, 5; Eklezyas 7:12). Pou w aprann plis, gade atik “Pwoteje lajan w ak sa w posede” ak “Fason w ka aprann viv ak mwens lajan”.

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.