Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fè zanmi pou w pa santi w poukont ou — Fason Bib la ka ede w

Fè zanmi pou w pa santi w poukont ou — Fason Bib la ka ede w

 Pandan ane 2023 a, pwofesyonèl lasante yo te rann yo kont lè moun yo santi yo poukont yo se yon gwo pwoblèm sante e yo dwe fè yon bagay pou jere sa. Èske gen yon solisyon pou sa?

  •   Doktè Vivek Murthy, Chirijyen jeneral Etazini di: “Lè nou santi nou poukont nou e n pa gen kontak ak lòt moun, sa reprezante yon danje pou sante nou e sa ka fè nou pa gen kè kontan. Men, gen yon bagay nou ka fè.” Ki sa l di nou ka fè? Li ajoute: “Chak jou, nou ka fè kèk bagay menmsi se tou piti, pou nou fè relasyon nou gen ak lòt moun vin pi djanm.” a

 Se pa sèlman lè yon moun pa gen lòt moun bò kote l ki fè l santi l poukont li. Gen moun ki konn santi yo poukont yo menm lè gen anpil moun bò kote yo. Kèlkeswa rezon ki fè n santi nou poukont nou, Bib la ka ede nou. Bib la gen bonjan konsèy ki ka ede nou fè relasyon nou ak lòt moun vin pi solid, sa k ap fè n pa santi nou poukont nou.

Prensip nan Bib la ki ka ede nou

 Aprann byen kominike. Pou nou byen kominike, sa pa vle di sèlman pou nou fè konnen jan nou santi nou men tou, li vle di pou nou aprann byen koute lòt moun. Lè nou se moun ki konn pran ka moun, sa ap fè relasyon nou gen avèk yo vin pi djanm.

  •   Prensip biblik: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men […] chèche enterè pa lòt moun tou.” (Filipyen 2:4).

 Chèche fè zanmi ak plis kategori moun. Se pou w aksepte fè zanmi ak moun ki pi gran oswa ki pi piti pase w, oubyen moun ki pa t leve menm jan avèk ou oswa ki pa menm nasyonalite avè w.

 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pou w vin gen bon zanmi, li atik “Comment combler notre besoin d’amitié.”

a Our Epidemic of Loneliness and Isolation: Konsèy Chirijyen jeneral Etazini an bay sou bon efè yon kominote epi pase tan ak moun genyen sou sante, 2023.