Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yan Zabolotnyi/stock.adobe.com

KONTINYE VEYE!

Mechanste ap ogmante toupatou sou tè a — Sa Bib la di?

Mechanste ap ogmante toupatou sou tè a — Sa Bib la di?

 Ann Ayiti, vyolans gang yo ap fè lakòz anpil dega. Krim vyolan lakòz gwo soufrans ann Afrik disid, o Meksik ak nan lòt peyi nan Amerik latin nan. Menm nan peyi kote vyolans sou moun diminye, zak kraze brize k ap fèt sou byen moun fè moun yo pa santi yo an sekirite e sa ba yo kè kase.

 Ki sa Bib la di konsènan mechanste k ap fèt toupatou sou tè a?

Sa Bib la te anonse konsènan mechanste

 Bib la te gentan fè konnen mechanste t ap fè pati siy k ap montre n ap viv nan “fen sistèm nan”. (Matye 24:3.) Lè Jezi Kris t ap pale de evènman ki nan siy sa a, li te di:

  •   “Akoz mechanste k ap ogmante, lanmou pifò moun ap vin rafredi.” — Matye 24:12.

 Bib la te fè konnen tou “nan dènye jou yo” moun yo t ap “san metriz, y ap sovaj, yo pap renmen sa ki byen”. (2 Timote 3:1-5.) Se vye defo sa yo ki fè moun yo aji ak mechanste konsa jounen jodi a.

 Men, nou gen bonjan rezon pou n gen espwa. Nan Bib la, Bondye fè nou pwomès talè konsa pap gen mechanste ankò.

  •   “Talè konsa, mechan yo pap la ankò, w ap gade kote yo te ye yo, ou pap jwenn yo. Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” — Sòm 37:10, 11.

 Pou w aprann plis sou mesaj nan Bib la ki bay espwa ak rezon ki fè w ka gen konviksyon sa nou wè k ap fèt jounen jodi a se reyalizasyon pwofesi nan Bib la, gade atik:

 Bonjan espwa pou lavni

 Ki sa ki siy ‘dènye jou yo’ oswa ‘tan lafen an’?

 Èske Bib la te anonse fason moun yo panse ak fason yo aji jodi a?