Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mary_Ukraine/stock.adobe.com

KONTINYE VEYE!

Moun yo pa gen konfyans nan politisyen yo ankò — Ki sa Bib la di?

Moun yo pa gen konfyans nan politisyen yo ankò — Ki sa Bib la di?

 Pandan ane 2024 la, toupatou sou tè a ap gen eleksyon e se premye fwa ap gen tout eleksyon sa yo nan yon sèl ane. Men, gen anpil moun ki kòmanse pa gen konfyans nan politisyen yo ankò.

  •   Pifò ameriken yo te poze kesyon fè konnen “sa ki motive pifò politisyen se rezon pèsonèl”, se pa vle yo vle ede moun vre. a — Pew Research Center, 19 septanm 2023.

 Anpil jèn tou pa gen konfyans nan politisyen yo.

  •   “Jounen jodi a, souvan, jèn yo enterese jwenn solisyon pou yon seri gwo pwoblèm, men, nan yon sondaj ki fèt, yo fè konnen politisyen yo pa chèche solisyon pou pwoblèm sa yo.” — The New York Times, 29 janvye 2024.

  •   “Dapre yon sondaj ki fèt, jèn yo plis gen konfyans nan moun k ap fè videyo sou YouTube pase nan politisyen yo.” — The Korea Times, 22 janvye 2024.

 Èske nou ka gen konfyans politisyen yo ap fè n gen yon pi bon avni? Kiyès nou ka fè konfyans?

Byen chwazi moun w ap fè konfyans

 Se yon bon bagay pou moun byen chwazi moun y ap fè konfyans. Bib la fè konnen “moun ki pa konprann anyen an kwè tout sa moun di, men, moun ki gen lespri a veye chak pa l fè.” — Pwovèb 14:15.

 Mete sou sa, menm politisyen ki pi onèt e ki gen pi bon entansyon an gen limit nan sa l ka fè. Se sa k fè Bib la bay avètisman ki annapre a:

  •   “Pinga nou mete konfyans nou nan chèf yo ni nan okenn lòt moun, paske yo pa ka bay delivrans.” — Sòm 146:3, Bib la.

Yon lidè nou ka fè konfyans

 Bib la fè konnen Bondye mete moun ki gen plis kapasite e moun plis ka fè konfyans ki genyen an kòm chèf, anpalan de Jezi Kris (Lik 1:32, 33). Jezi se Wa nan Wayòm Bondye a, yon gouvènman k ap dirije detan l nan syèl la. — Matye 6:10.

a Pew Research Center, “Americans’ Dismal Views of the Nation’s Politics,” septanm 2023.