Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Sa k fè pifò moun pa gen bon konpòtman ankò? — Sa Bib la di?

Sa k fè pifò moun pa gen bon konpòtman ankò? — Sa Bib la di?

 De jou an jou, pifò moun pa byen konpòte yo ankò. Pasyan malelve ap rele sou doktè, kliyan nan restoran ap rabese moun k  ap sèvi yo, pasaje nan avyon ki pa ka kontwole tèt yo atake otès yo, elèv ki delenkan ap pase pwofesè nan betiz e yo menase yo, san konte kèk politisyen ki enplike nan gwo eskandal pandan gen lòt ki vle fè kwè yo menm yo san repwòch.

 Bib la se yon gid nou ka fè konfyans pou n konnen ki konpòtman ki bon. Li fè konnen tou rezon ki fè moun yo ap aji san respè konsa jodi a.

Sa k fè pifò moun pa gen bon konpòtman ankò?

 Se toupatou sou tè a yo remake fason moun konpòte yo ap vin pi mal, sa vle di yo pa aji byen, yo pa gen bon konduit.

  •   Daprè yon ankèt yon ajans ki rele Gallup fè sa pa gen lontan, ameriken yo fè konnen se premye fwa pandan 22 an ki sot pase yo, nivo moralite nan peyi Etazini ba konsa.

  •   Nan yon lòt ankèt yo te fè nan 28 peyi kote gen 32 000 moun ki te patisipe, sou chak 100 moun, gen 65 ki di jounen jodi a, se premye fwa yo wè moun konpòte yo mal konsa.

 Bib la te gentan fè konnen moun yo t ap aji konsa jounen jodi a.

  •   “Nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. Moun pral fè rayisab, y’ap renmen lajan, y’ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y’ap pale Bondye mal, y’ap dezobeyi papa ak manman yo, y’ap engra […], kè yo ap di [e] y’ap brital.” — 2 Timote 3:1-3, Bib la.

 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou fason pwofesi sa a ap reyalize, li atik “Èske Bib la te anonse fason moun yo panse ak fason yo aji jodi a?

Yon gid nou ka fè konfyans ki fè nou konnen ki jan pou n byen konpòte nou

 Malgre nan monn nan li pa fasil pou moun gen bon konpòtman, gen plizyè milyon moun ki twouve Bib la se yon trè bon gid ki ede yo byen aji. “Moun ap toujou ka fè [konsèy li bay] yo konfyans, ni jodi a, ni pou toutan.” (Sòm 111:8). Men kèk egzanp:

  •   Sa Bib la di: “Tout sa nou ta renmen moun fè pou nou, nou menm tou, nou dwe fè l pou yo.” — Matye 7:12.

     Sa sa vle di: Nou dwe trete moun ak jantiyès e avèk respè, jan nou menm nou te renmen yo trete nou.

  •   Sa Bib la di: “Piske kounye a nou kite afè bay manti a, se pou nou chak di pwochen nou laverite.” — Efezyen 4:25.

     Sa sa vle di: Nou dwe onèt nan tout sa n ap di e nan tout sa n ap fè.

 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sijè sa a, tanpri li: