Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Bib la di sou pwoblèm dlo ki genyen sou tè a?

Ki sa Bib la di sou pwoblèm dlo ki genyen sou tè a?

 Nou tout bezwen dlo pwòp pou n viv. Poutan, men ki avètisman António Guterres, Sekretè jeneral Nasyonzini, bay: “N ap fè fas ak yon pwoblèm dlo ki grav.” Gen plizyè milya moun sou tout kò tè a ki deja gen difikilte pou yo jwenn dlo pwòp.

Strdel/AFP via Getty Images

 Èske yon lè ap gen ase dlo pou tout moun? Oubyen, èske n ap toujou gen pwoblèm dlo? Ki sa Bib la di?

Pwomès Bib la fè anrapò ak pwoblèm dlo a

 Bib la fè konnen yon jou pap gen rate dlo ankò. Okontrè, pral gen dlo pwòp, dlo dous agogo.

 “Epi, sous dlo pral pete nan dezè a, dlo pral koule nan plèn ki nan dezè a. Tè ki sèch e ki cho anpil la ap tounen yon kote ki plen dlo ak wozo, e dlo ap ponpe sot nan tè ki pa gen dlo a.” — Ezayi 35:6, 7.

 Sa k fè nou ka kwè pwomès Bib la fè a? Ann fè yon ti pale sou sa Bib la di anrapò ak yon kapasite tè a genyen.

Sa Bib la di sou tè a ak fason dlo renouvle

 ‘Bondye pat annik kreye tè a pou granmesi, men li te fè l pou moun rete sou li.’ — Ezayi 45:18.

 Piske Bondye fè tè a pou moun viv sou li, li mete yon sistèm nan lanati ki fè l posib pou toujou gen dlo dous.

 “[Bondye] fè gout dlo yo monte anlè, yo vin tounen lapli ak bwouya. Epi, nyaj yo fè lapli tonbe. Dlo benyen tout moun.” — Jòb 36:27, 28.

 Bib la sèvi ak mo ki senp pou esplike jan Bondye mete yon sistèm nan lanati ki pou fè toujou gen dlo. Dlo sou tè a ak nan lanmè yo tounen vapè, yo fòme nyaj, apre sa dlo a tonbe sou fòm lapli. Konsa, tè a toujou gen dlo pwòp pou moun ak bèt. — Eklezyas 1:7; Amòs 5:8.

 “M ap fè anpil lapli tonbe pou nou nan lè pou l tonbe. Tè a ap bay rekòt e pyebwa ki nan jaden yo ap donnen.” — Levitik 26:4.

 Izrayelit nan tan lontan yo se te kiltivatè, e Bondye te pwomèt yo, kòm benediksyon, l ap toujou fè yo jwenn dlo pou yo ka gen bon rekòt. Bondye konnen pou tè a bay manje, fò lapli tonbe nan bon moman.

 Talè konsa, Bondye pral fè menm bagay la sou tout tè a (Ezayi 30:23). Men, pou kounye a, plizyè kote sou tè a kontinye gen plis pwoblèm dlo, e lapli ki pa tonbe se sèlman youn nan kòz yo. Ki sa Bib la di ankò sou fason pou pwoblèm dlo nou gen sou tè a jodi a rezoud?

Sa ki pral rezoud pwoblèm dlo a

 Bib la fè konnen Bondye ap sèvi ak Wayòm li an pou l rezoud pwoblèm k ap ravaje tè a, san wete pwoblèm dlo ki genyen jodi a (Matye 6:9, 10). Wayòm Bondye a se yon gouvènman nan syèl la ki pral dirije tè a (Dànyèl 2:44; Revelasyon 11:15). Mete sou sa, Wayòm Bondye a pral fè sa gouvènman lèzòm yo pa ka fè, sa vle di, li pral elimine rezon ki fè nou gen pwoblèm dlo a.

 Pwoblèm: Gwo chanjman ki gen nan klima a fè dlo pa ka renouvle jan pou l renouvle. Kòm konsekans, gen gwo sechrès e akoz lapli ki tonbe yon sèl kou oswa paske nivo dlo lanmè a monte twòp, vin gen gwo inondasyon.

 Solisyon: Wayòm Bondye a pral repare tout domaj ki fèt nan lanati, yon fason pou planèt nou an rekòmanse fonksyone byen. Bondye di: “Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.” (Revelasyon 21:5). Tè ki sèch kounye a pral gen anpil dlo dous, konsa ap gen lavi menm kote moun pa ka abite kounye a (Ezayi 41:17-20). Anba direksyon Jezi Kris, Wayòm Bondye a pral gen kontwòl tout fòs ki gen nan lanati.

 Lè Jezi te sou tè a, li te kalme yon gwo tanpèt, sa ki bay yon apèsi sou pouvwa Bondye ba li (Mak 4:39, 41). Lè Jezi pral dirije antanke Wa nan Wayòm Bondye a, pap gen katastwòf natirèl ankò. Tout moun ap santi yo anpè e an sekirite toutbon, yo pap pè pou malè pa rive yo.

 Pwoblèm: Moun ki pa pran responsablite yo ansanm ak gwo konpayi k ap kouri dèyè pwofi sèlman sal rivyè yo, lak yo ak dlo ki anba tè a, sa ki fè vin gen plis ratman dlo pwòp.

 Solisyon: Bondye pral netwaye tè a e li pral repare domaj yo fè nan rivyè yo, lak yo, lanmè a ak tè a. Latè pral vin yon paradi. Yon fason powetik, Bib la fè konnen: ”Dezè a ak tè ki sèch la ap kontan anpil, e plèn ki nan dezè a ap kontan, l ap gen anpil flè tankou pye safran.” — Ezayi 35:1.

 Ki sa k pral rive moun ki pa respekte anviwònman an oswa moun parèy yo? Bondye pwomèt l ap “detwi moun k ap detwi tè a”. — Revelasyon 11:18, Pwovèb 2:21, 22.

 Pwoblèm: Lèzòm pa byen jere dlo ki sou tè a, sa fè yo sèvi ak plis dlo pase kantite dlo tè a ka pwodui.

 Solisyon: Wayòm nan pral fè se volonte Bondye ki “fèt sou tè a”, se pa volonte moun ki egoyis (Matye 6:9, 10). Wayòm Bondye a pral bay moun l ap dirije yo pi bon fòmasyon ki egziste. Ezayi 11:9 di a: “Tè a pral plen konesans sou Jewova.” Piske lèzòm pral gen yon pi bon konesans, e piske yo pral gen yon gwo lanmou pou Bondye e pou tout sa l kreye yo, sa fè y ap ka byen pran swen bèl tè nou an e y ap byen pran swen resous natirèl li yo.

  •    Pou w jwenn plis enfòmasyon sou sa Wayòm Bondye a pral fè, gade atik “Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?

  •    Ale nan Labib, nan Ezayi chapit 35, li l pou w wè ki jan tè a pral tounen yon paradi.

  •    Pou w ka aprann objektif Bondye genyen pou tè a e pou lèzòm, gade videyo “Poukisa Bondye te kreye tè a?”

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?