Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Gè ki nan peyi Ikrèn nan fè gen plis rate manje toupatou sou tè a

Gè ki nan peyi Ikrèn nan fè gen plis rate manje toupatou sou tè a

 Nan dat 19 me 2022, Konsèy sekirite Nasyonzini an te tande rapò plis pase 75 otorite ki te fè konnen: “Rate manje ki genyen toupatou sou tè a te vin pi mal akoz kowonaviris la ak chanjman ki gen nan klima a, men akoz gè k ap fèt nan peyi Ikrèn nan plizyè kote nan monn nan vin nan gwo grangou.” Yon ti tan annapre, yon jounal ki rele The Economist te fè konnen “monn nan te deja frajil, men kounye a, lagè a pral lakòz plis moun tonbe nan grangou”. Bib la te anonse t ap gen rate manje nan epòk nou an. Men, anmenmtan li ede n konn fason pou n fè fas ak pwoblèm sa a.

Bib la te anonse t ap gen rate manje

  •    Men sa Jezi te di nan yon pwofesi: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm. Pral gen rate manje.” — Matye 24:7.

  •    Liv Revelasyon an pale de kat moun ki sou cheval yo. Youn nan moun ki sou cheval yo reprezante lagè. Gen yon lòt moun ki sou cheval k ap suiv li ki reprezante grangou, sa vle di yon epòk kote pa t ap gen ase manje e manje t ap chè anpil. “Mwen wè yon chwal nwa. Moun ki te moute l’ la te kenbe yon balans nan men li. Mwen tande yon vwa [...] ki t’ap di: Yon mezi diri pou yon jounen travay. Twa mezi pitimi pou yon jounen travay.” — Revelasyon 6:5, 6, Bib la.

 Pwofesi sa yo ki gen rapò ak rate manje ap reyalize jodi a, nan epòk Bib la rele “dènye jou yo”. (2 Timote 3:1.) Pou w aprann plis konsènan “dènye jou yo” ak sa moun ki sou cheval yo reprezante, gade videyo Monn nan chanje depi 1914 epi li atik “Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?

Fason Bib la kapab ede w

  •    Nou jwenn bonjan konsèy nan Bib la ki ka ede n fè fas ak sitiyasyon difisil yo, sa ki gen ladan l pri manje k ap monte ak rate manje. Pou w jwenn kèk konsèy ki ka ede w, gade atik “Fason w ka aprann viv ak mwens lajan”.

  •    Mete sou sa, Bib la fè nou gen espwa bagay yo ap vin pi bon. Li pwomèt rive yon lè “tè a gen pou l chaje ak manje angren” e tout moun ap gen anpil manje pou yo manje (Sòm 72:16). Pou w aprann plis sou espwa Bib la bay pou lavni ak rezon ki fè w ka fè l konfyans, gade atik “Bonjan espwa pou lavni”.