Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Ki wòl relijyon jwe nan gè k ap fèt nan peyi Ikrèn nan? Ki sa Bib la di?

Ki wòl relijyon jwe nan gè k ap fèt nan peyi Ikrèn nan? Ki sa Bib la di?

 Ann gade deklarasyon ki vin apre yo, konsènan pozisyon chèf relijye yo pran anrapò ak gè k ap fèt nan peyi Ikrèn nan:

  •   “Chèf Legliz òtodòks peyi Larisi a, Patriyach Kirill, pa di anyen pou montre l pa dakò lefètke Larisi anvayi Ikrèn [...]. Legliz li a kontinye ap gaye manti sou peyi Ikrèn e prezidan Poutin sèvi ak manti sa yo pou l montre l gen rezon fè gè a.” — EUobserver, 7 mas 2022.

  •   “Patriyach Kirill fè konnen Larisi gen dwa pou l anvayi Ikrèn paske gè sa a ap pèmèt yo lite ak peche.” — AP News, 8 mas 2022.

  •   “Lendi pase, chèf Legliz òtodòks peyi Ikrèn nan, Metwopolit Epifàn I nan Kyèv, te beni pèp la e l te di yo pou yo ‘goumen ak sòlda Larisi yo ki vin anvayi yo’ [...]. Mete sou sa, li fè konnen yon moun pap peche si l touye yon sòlda peyi Larisi.” — Jerusalem Post, 16 mas 2022.

  •   “Nou menm [Konsèy Legliz ak relijyon nan peyi Ikrèn (UCCRO)] n ap soutni lame peyi Ikrèn nan ak tout moun k ap patisipe nan defann peyi a. Nou ba yo benediksyon nou poutèt y ap defann peyi Ikrèn kont moun k ap anvayi l yo e nou priye pou yo.” — Deklarasyon UCCRO a 24 mas 2022.

 Ki sa w panse? Èske relijyon ki fè konnen y ap suiv Jezi yo ta dwe ankouraje fidèl yo al nan lagè? Ki sa Bib la di sou sa?

Sa listwa aprann nou sou wòl relijyon konn jwe nan gè

 Listwa montre souvan relijyon yo konn fè konnen se pa yon move bagay pou moun al nan lagè, oubyen se yon bon bagay pou y al nan lagè, oubyen menm yo dwe al nan lagè. Yo di tout bagay sa yo, toutpandan y ap swadizan travay pou lapè. Depi plizyè dizèn ane, Temwen Jewova yo ap ede moun wè fason relijyon yo aji a depaman ak sa Bib la di. Ann gade kèk egzanp nan piblikasyon nou yo.

Èske relijyon ki di se kretyen yo ye ta dwe soutni lagè?

 Men sa Jezi te anseye: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” ​(Matye 22:39). “Kontinye renmen ènmi nou.” — Matye 5:44-47.

 Reflechi sou sa: Èske yon relijyon ka di l ap obeyi lòd Jezi te bay pou moun renmen pwochen l, si l ap ankouraje fidèl li yo al touye moun nan lagè? Pou w jwenn repons kesyon sa a, li atik “Les vrais chrétiens et la guerre” ak “Est-il possible d’aimer ses ennemis?

 Men sa Jezi te di: “Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a. Si Wayòm mwen an te fè pati monn sa a, sèvitè m yo t ap goumen pou yo pa livre m.” ​(Jan 18:36). “Tout moun ki pran epe ap peri anba epe.” — Matye 26:47-52.

 Reflechi sou sa: Si kretyen yo pa t dwe batay pou yo pwoteje menm Jezi, èske yo ta dwe al goumen pou lòt rezon? Li atik “Peut-on concilier guerre et christianisme?” pou w wè fason kretyen nan premye syèk yo te suiv egzanp Jezi e yo te obeyi sa l te anseye yo.

Ki sa k pral rive relijyon ki ankouraje moun al nan lagè yo?

 Bib la fè konnen Bondye pa dakò ak relijyon ki di y ap suiv Jezi, men ki pa suiv sa l anseye yo. — Matye 7:21-23; Tit 1:16.

  •   Liv Revelasyon an montre nan je Bondye relijyon sa yo responsab lanmò “tout moun yo touye sou tè a”. (Revelasyon 18:21, 24.) Pou w aprann rezon ki fè Bondye konsidere yo responsab, gade atik “Ki sa Gran Babilòn nan ye?

  •   Jezi te fè konnen y ap elimine tout relijyon Bondye pa aksepte yo, menm jan “y ap koupe” tout pyebwa ki pa bon e ki pa bay bon fwi “e y ap jete yo nan dife”. (Matye 7:15-20.) Li atik “Lafen fo relijyon an toupre!” pou w aprann kòman sa pral fèt.

Kote foto yo soti, soti agoch rive adwat: Photo by Sefa Karacan/Anadolu Agency/Getty Images; Maxym Marusenko/NurPhoto via Getty Images

a UCCRO, oswa Konsèy Legliz ak relijyon nan peyi Ikrèn gen 15 legliz ladan l ki reprezante Legliz òtodòks, grèk, katolik women, potestan ak relijyon evanjelik ansanm ak juif ak mizilman.