Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Sa k fè kesyon politik divize moun konsa? — Ki sa Bib la di?

Sa k fè kesyon politik divize moun konsa? — Ki sa Bib la di?

 Toupatou sou tè a, moun yo divize akoz kesyon politik. Selon yon ankèt yon òganizasyon (Pew Research Center) te fè an 2022, yo te wè “65% granmoun nan 19 peyi kote yo te fè ankèt la di gen gwo mezantant oswa menm gwo divizyon nan mitan moun ki fè pati diferan pati politik nan peyi yo”.

 Èske w remake moun yo vin pi divize nan kesyon politik nan zòn kote w ap viv la? Sa k fè sa? Èske gen yon solisyon? Ann wè sa Bib la di.

Konpòtman ki lakòz divizyon

 Labib te fè konnen nan epòk nou an, epòk li rele “dènye jou yo”, anpil moun t ap aji yon fason ki t ap fè l difisil pou gen inite nan mitan yo.

  •   “Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo ap renmen pwòp tèt yo, […] yo pap dispoze antann yo.” — 2 Timote 3:1-3.

 Malgre tout efò anpil moun fè, se goumen gouvènman yo ap goumen pou yo rive fonksyone jan yo ta dwe fonksyone. Li difisil anpil pou moun ki pa wè bagay yo menm jan rive travay ansanm pou yo rezoud pwoblèm yo. Depi lontan, Bib la te gentan di se konsa sa t ap ye.

  •   “Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” — Eklezyas 8:9

 Sepandan, Bib la fè n konnen ki sa ki solisyon an: Se yon gouvènman ki gen yon moun alatèt li ki kapab elimine tout pwoblèm ki gen nan sosyete a jodi a.

Yon dirijan ki kalifye e ki gen sousi pou nou

 Labib fè konnen sèl dirijan ki kalifye pou sa se Jezi Kris. Jezi gen pouvwa, otorite ak anvi pou l fè lèzòm viv nan lapè ak inite.

  •   “Pandan l ap dirije a, moun ki jis yo ap vin anpil, e lapè ap blayi tout kote.” — Sòm 72:7.

  •   “Tout nasyon yo pral sèvi l.” — Sòm 72:11.

 Jezi se pi bon dirijan ki ka genyen paske li gen sousi pou moun e l vle ede yo, sitou moun ki sibi enjistis yo.

  •   “L ap delivre pòv k ap rele pou l mande sekou a, l ap delivre malere a ak nenpòt moun ki pa gen moun pou ede l. L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo, l ap sove lavi moun ki pòv yo. L ap delivre yo anba men moun k ap toupizi yo e anba vyolans.” — Sòm 72:12-14.

 Aprann plis sou Wayòm Bondye a, gouvènman ki nan syèl la Jezi ap dirije a. Gade ki jan w ka jwenn byenfè anba dominasyon Wayòm sa a.