Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

TheCrimsonMonkey/E+ via Getty Images

Sa Wayòm Bondye a pral fè pou rezoud pwoblèm anviwònman an

Sa Wayòm Bondye a pral fè pou rezoud pwoblèm anviwònman an

 “Gwo chanjman ki gen nan klima a gen move efè sou moun, sou bèt ak plant e sou vil yo. Chanjman ki gen nan klima a fè vin gen pi gwo tanpèt toupatou sou tè a ki detwi kay moun ak tout mwayen yo genyen pou yo viv. Anba lanmè a kontinye ap vin pi cho, sa ki lakòz anpil espès ap disparèt.” — Inger Andersen, sekretè jeneral adjwen Nasyonzini, direktè egzekitif pwogram Nasyonzini pou anviwònman, 25 jiyè 2023.

 Èske gouvènman yo ap rive met tèt yo ansanm pou yo rezoud pwoblèm monn nan? Èske y ap rive jwenn bonjan solisyon pou pwoblèm sa yo?

 Bib la fè konnen gen yon gouvènman ki gen pouvwa e ki pral rezoud tout pwoblèm ki gen nan anviwònman an. Men sa nou li: “Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm”, yon gouvènman ki pral dirije tout tè a e ki pral rezoud tout pwoblèm yo (Dànyèl 2:44). Lè gouvènman sa a pral dirije, moun pap fè ni moun parèy yo, ni tè a “okenn mal, ni okenn ravaj”. — Ezayi 11:9.