Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chris McGrath/Getty Images

Sa Wayòm Bondye a pral fè pou l elimine lagè

Sa Wayòm Bondye a pral fè pou l elimine lagè

 Gè kontinye ap ravaje monn nan e yo lakòz anpil soufrans. Gade sa kèk rapò fè konnen:

  •   “Ane pase, te gen plis moun mouri akoz lagè pase 28 ane ki sot pase yo, e pifò nan moun sa yo mouri akoz gè k ap fèt ann Etyopi a ak gè ann Ikrèn nan.” — Peace Research Institute Oslo, 7 jen 2023.

  •   “Lagè ann Ikrèn nan se jis youn nan konfli pami tout konfli ki genyen yo ki deteryore an 2022. Ane pase, toupatou sou tè a, pwoblèm politik lakòz vyolans ogmante 27 pousan pase ane anvan an e vyolans sa yo gen efè sou anviwon 1,7 milya moun.” — The Armed Conflict Location & Event Data Project (ACLED), 8 fevriye 2023.

 Bib la bay espwa. Li di “Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm ki pap janm kraze”. (Dànyèl 2:44.) Lè Wayòm sa a, oswa gouvènman sa a, ap dirije, Bondye pral “fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a”. — Sòm 46:9.