Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kim Steele/The Image Bank via Getty Images

Sa Wayòm Bondye a pral fè pou pwoblèm ekonomik yo

Sa Wayòm Bondye a pral fè pou pwoblèm ekonomik yo

 Anpil moun sou tè a ap bat dlo pou fè bè e bagay yo kontinye ap vin pi rèd chak jou.

  •   Selon yon rapò mondyal ki soti sa pa gen lontan, a “moun pa kapab achte menm kantite bagay yo te konn achte anvan ak kòb y ap touche kounye a”. Rapò a fè konnen tou si pa gen anyen ki fèt pou chanje sitiyasyon an, “moun ki rich ap vin pi rich toujou e moun ki pòv ap vin pi pòv toujou”, epitou “kalite lavi anpil moun k ap travay ak kalite lavi fanmi yo ap vin pi mal”.

 Èske gouvènman yo kapab rezoud kesyon kriz ekonomik sa a k ap vin pi mal chak jou, oswa èske yo ka menm jere l?

 Labib fè konnen gen yon gouvènman ki kapab e ki pral rezoud pwoblèm ekonomik yo, e l pral fè pa gen yon kategori moun ki pòv ak yon kategori moun ki rich. Labib fè konnen “Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm”, yon sèl gouvènman ki pral dirije tout tè a (Dànyèl 2:44). Lè gouvènman sa a pral dirije, li pap bliye pèsonn (Sòm 9:18). Wayòm Bondye a pral bay tout moun l ap dirije yo sa yo bezwen pou yo viv ak kè kontan. Tout moun ap jwenn rekonpans pou travay di yo fè. — Ezayi 65:21, 22.

a International Labour Organization Global Wage Report 2022-23