Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Military equipment: Anton Petrus/Moment via Getty Images; money: Wara1982/iStock via Getty Images Plus

KONTINYE VEYE!

Yo depanse plizyè milya dola pou lagè — Èske se lajan sèlman gè yo koute?

Yo depanse plizyè milya dola pou lagè — Èske se lajan sèlman gè yo koute?

 Depans pou lagè yo gwo anpil anpil.

  •    “Ane pase, gouvènman toupatou sou tè a depanse 2,2 mil milya dola ameriken pou divès gè, e se premye fwa yo depanse tout kòb sa a nan yon ane pou lagè.” — The Washington Post, 13 fevriye2024.

 Sa koute plis pase lajan. Ann pran yon sèl egzanp: lagè ann Ikrèn nan.

  •   Sòlda. Selon kèk espè, gen prèske 500 000 sòlda ki mouri oswa ki blese grav depi lè gè a kòmanse sa gen dezan.

  •   Sivil. Selon Nasyonzini, gen plis pase 28 000 sivil ki mouri oswa ki blese. Men, gen yon gwo fonksyonè nan Nasyonzini ki di: “Li pa posib pou nou rive konnen egzakteman kantite lavi sivil ki detwi akoz gè sa a.” a

 Kantite moun k ap soufri akoz gè ak konfli toupatou sou tè a vrèman anpil.

  •   114 milyon. Rive septanm 2023, se kantite moun ki oblije kite kay yo akoz lagè ak vyolans k ap fèt toupatou sou tè a.

  •   783 milyon. Se kantite moun ki pa gen ase manje pou yo manje. “Konfli se pi gwo kòz grangou jiska prezan. Toupatou sou tè a, 70 pousan moun ki nan grangou sou tè a ap viv nan zòn ki gen lagè ak vyolans.” — Programme alimentaire mondial.

 Èske lagè ap janm fini? Èske gen espwa pou lapè? Èske gen yon lè pap gen moun pòv ankò e tout moun ap ka pwofite tout sa tè a pwodui? Ki sa Bib la di?

Pou kounye a gen lagè

 Bib la pale de lagè kòm yon kavalye ki sou yon cheval nwa pou l te fè konnen t ap gen lagè toupatou.

  •   “Epi, yon lòt cheval soti, youn ki koulè dife. Yo bay moun ki chita sou li a pèmisyon pou l retire lapè sou tè a yon fason pou moun yo touye youn lòt, e yo ba li yon gwo epe.” — Revelasyon 6:4.

 Gen de lòt kavalye senbolik k ap suiv kavalye sa a e yo reprezante grangou ak lanmò ki gaye toupatou akoz maladi oswa lòt bagay (Revelasyon 6:5-8). Pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwofesi biblik sa a e pou w ka wè sa k fè nou ka sèten l ap reyalize nan epòk nou an, li atik “Kat moun ki sou cheval yo: Kiyès e ki sa yo reprezante?

Pral gen lapè alavni

 Talè konsa, richès ki gen sou tè a pap sèvi pou lagè ankò. Men, se pa lèzòm k ap fè sa. Bib la di:

  •   Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a.” — Sòm 46:9.

  •   Bondye pral defèt tou move efè lagè lakòz. “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.” — Revelasyon 21:4.

  •   Bondye pral fè tout moun viv anpè pou toutan. “Pèp mwen an ap rete yon kote ki gen lapè, yon kote yo an repo, y ap abite kote ki gen sekirite e ki trankil.” — Ezayi 32:18.

 Selon pwofesi nan Bib la gè ak lòt bagay nou wè jounen jodi a montre epòk sa a kote nou pral viv anpè a pa lwen.

 Ki jan Bondye ap fè nou jwenn lapè sa a? Li pral fè sa pa mwayen gouvènman l lan, oswa Wayòm li an, ki nan syèl la (Matye 6:10). Pou w aprann plis sou sa Wayòm nan ye ak sa l pral fè pou ou, gade videyo tou kout sa a Ki sa Wayòm Bondye a ye?

a Miroslav Jenca, asistan sekretè jeneral pou Ewòp nan Nasyonzini, 6 desanm 2023.