Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KONTINYE VEYE!

Vyolans ak zam toupatou nan monn nan — Ki sa Bib la di?

Vyolans ak zam toupatou nan monn nan — Ki sa Bib la di?

 Gen anpil vyolans ki fèt ak zam toupatou nan monn nan pandan mwa jiyè 2022 a:

  •   “Anpil moun te sezi anpil lè yo te asasinen yon politisyen nan peyi Japon anpil moun konnen [Shinzo Abe, yon ansyen premye minis]. Sa te lakòz anpil laperèz nonsèlman nan peyi Japon, men toupatou nan monn nan, paske an jeneral pa gen anpil zak vyolan nan Japon e lwa yo vrèman strik anrapò ak zam.” — 10 jiyè 2022, The Japan Times.

  •   “Moun nan peyi Dànmak pran gwo sezisman lè yon mesye ak zam te touye twa moun nan yon sant komèsyal nan vil Kopennag.” — 3 jiyè 2022, Reuters.

  •   “Ann Afrik disid, gen 15 moun ki mouri apre yon moun ak zam te kòmanse tire nan yon ba nan Soweto.” — 10 jiyè 2022, The Guardian.

  •   “Pandan wikenn 4 jiyè a, gen plis pase 220 moun ki mouri Ozetazini akoz vyolans ki fèt ak zam.” — 5 jiyè 2022, CBS News.

 Èske gen espwa vyolans sa yo ap fini? Ki sa Bib la di?

Vyolans gen pou l fini

 Bib la rele epòk n ap viv la “dènye jou yo”, nan epòk sa a, moun yo t ap aji yon fason ki “sovaj” oswa brital (2 Timote 3:1, 3). Piske gen anpil vyolans konsa, sa fè moun yo pè anpil (Lik 21:11). Men, Bib la fè konnen vyolans gen pou l fini. E tout moun pral “rete yon kote ki gen lapè, yon kote yo an repo, y ap abite kote ki gen sekirite e ki trankil”. (Ezayi 32:18.) Ki jan vyolans pral fini?

 Bondye pral elimine mechan yo e l ap detwi tout zam yo.

  •   “Kanta pou mechan yo, y ap detwi yo sou tè a.” — Pwovèb 2:22.

  •   “[Bondye] fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a. Li kase banza a e li fè lans lan fè plizyè moso. Li boule charyo pou fè lagè yo nan dife.” — Sòm 46:9.

 Bondye pral elimine rezon ki fè gen vyolans paske l pral aprann moun yo fason pou yo viv anpè.

  •   “Yo pap fè okenn mal, ni okenn ravaj okenn kote sou mòn mwen an ki sakre, paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova menm jan lanmè a plen dlo.” — Ezayi 11:9.

  •   Depi kounye a, Bondye ap anseye moun toupatou nan monn nan pou yo evite zam e pou yo pa fè vyolans. Okontrè, li vle yo ‘bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè, e li vle yo bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt’. — Miche 4:3.

 Pou w aprann plis sou sa Bib la di konsènan yon monn kote pap gen laperèz ankò, gade atik “Affranchis de la peur : est-ce possible?

 Pou w aprann plis sou vrè solisyon tout vyolans ki genyen sou tè a, gade atik “Enfin la paix sur la terre!