Lik 7​:​1-50

7  Lè l fin di moun yo sa l te gen pou l di yo, l al Kapènawòm.  Twouve, gen yon ofisye ki te gen yon esklav li te renmen anpil ki te malad grav e ki te prèske mouri.  Lè li tande pale de Jezi, li voye kèk ansyen pami Juif yo al kot Jezi pou yo mande l pou l vin geri esklav li a.  Epi, mesye ki vin kot Jezi yo te kòmanse sipliye l, yo te kole la nan kò l, yo t ap di l: “Misye merite pou w fè sa pou li.  Paske, li renmen nasyon nou an, e se li menm ki bati sinagòg la pou nou.”  Vrèmanvre, Jezi derape avèk yo. Men, alòske yo pa t lwen kay la, ofisye a te deja voye kèk zanmi pou di Jezi: “Mesye, ou pa bezwen deranje w, paske mwen pa diy pou w antre lakay mwen.  Se poutèt sa, mwen pa t panse m diy pou se mwen ki vin kote w. Men, annik di yon pawòl, e sèvitè m nan ap geri.  Paske, mwen menm tou, mwen anba otorite lòt moun, e mwen gen sòlda souzòd mwen. Lè mwen di youn: ‘Ale!’, li ale. Lè mwen di yon lòt: ‘Vin isit!’, li vini. Lè mwen di esklav mwen: ‘Fè sa!’, li fè l.”  Ebyen, lè Jezi tande bagay sa yo, li sezi, epi li vire gade foul moun ki t ap suiv li yo, li di yo: “M ap di NOU sa: Menm ann Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen yon gwo lafwa konsa.” 10  E lè moun ofisye a te voye yo retounen nan kay la, yo jwenn esklav la refè. 11  Yon ti tan apre sa, li vwayaje al nan yon vil ki rele Nayin, e disip li yo ansanm ak yon gwo foul moun t ap vwayaje ansanm avè l. 12  Pandan l ap pwoche bò pòtay vil la, twouve, yo t ap sot nan vil la ak yon kadav. Se te sèl pitit yon manman te genyen. Anplis de sa, dam nan te vèv. Te gen yon bon valè moun nan vil la ki te ansanm avèk dam sa a tou. 13  Lè Seyè a wè dam nan, kè l fè l mal pou li, e li di l: “Sispann kriye.” 14  Epi li pwoche, li touche branka a, e moun ki t ap pote branka yo kanpe, epi li di: “Jennonm, mwen di w: Leve!” 15  Epi mò a leve chita, li kòmanse pale, epi Jezi remèt manman l li. 16  Tout moun ki te la yo vin gen yon sèl lakrentif, e yo kòmanse bay Bondye glwa, yo t ap di: “Gen yon gwo pwofèt ki parèt nan mitan nou.” Yo t ap di tou: “Bondye vire je l gade pèp li a.” 17  E nouvèl sa a gaye nan tout Jide ak nan tout zòn ki ozalantou yo. 18  Twouve, disip Jan yo al di Jan tout bagay sa yo. 19  Kidonk, Jan rele de nan disip li yo, li voye yo al di Seyè a: “Èske w se Moun ki te gen pou vini an, oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?” 20  Lè mesye yo rive kote l, yo di l: “Jan ki konn batize moun nan voye nou kote w pou nou mande w: ‘Èske w se Sila a ki te gen pou vini an, oubyen èske nou dwe tann yon lòt moun?’” 21  Nan moman sa a, li t ap geri anpil moun anba maladi yo genyen, ti maladi kou gwo maladi, li t ap chase movèzespri, e li te fè anpil moun ki te avèg wè. 22  Donk, li reponn yo de a, li di yo: “Al rakonte Jan sa NOU wè ak sa NOU tande: moun avèg wè, moun enfim mache, moun ki gen lèp geri, moun soud tande, moun mouri leve e yo preche pòv yo bon nouvèl la. 23  Byennere moun ki kwè nan mwen san l pa doute*.” 24  Lè mesaje Jan te voye yo ale, li kòmanse pale foul moun yo de Jan. Li di yo: “Ki sa NOU te soti al gade nan dezè a? Yon wozo van ap souke? 25  Wi, ki sa NOU te soti al gade menm? Yon nonm ki abiye ak rad ki koute chè? Moun ki gen bèl rad e k ap viv nan liks se nan kay wa yo ye. 26  An reyalite, ki sa NOU te soti al gade? Yon pwofèt? Wi, m ap di NOU sa, NOU te soti al gade yon moun ki pi enpòtan lontan pase yon pwofèt. 27  Men sa yo te ekri sou moun sa a: ‘Gade! Men m ap voye mesaje m nan devan w. Se li menm ki pral prepare chemen an pou ou!’ 28  M ap di NOU sa: Pami moun ki sot nan vant fi, pa gen youn ki gen plis enpòtans pase Jan. Men, moun ki gen mwens enpòtans nan wayòm Bondye a gen plis enpòtans pase l.” 29  (E lè tout moun yo ak pèseptè yo tande sa, yo deklare Bondye jis, piske Jan te deja batize yo. 30  Men, Farizyen yo ansanm ak moun ki te konn Lalwa byen yo te rejte konsèy Bondye ba yo, yo pa t aksepte li batize yo.) 31  Apre sa, Jezi di: “Kidonk, ak kiyès mwen ta konpare moun nan jenerasyon sa a? Tankou kiyès yo ye? 32  Yo tankou timoun ki chita sou yon plas piblik k ap rele youn lòt, y ap di: ‘Nou jwe flit pou NOU, NOU pa danse. Nou chante chante ki tris, NOU pa kriye.’ 33  Se menm bagay la, Jan ki konn batize moun nan vini, li pa manje pen, li pa bwè diven, NOU di: ‘Li gen yon demon sou li.’ 34  Pitit lòm nan vini, li manje, li bwè, NOU di: ‘Gade! Nonm sa a se yon aloufa, se yon moun ki lage kò l nan bwè diven, li fè zanmi ak pèseptè ak moun k ap pratike peche!’ 35  Men, se bagay ki jis yon moun fè ki montre li gen sajès.” 36  Twouve, gen youn nan Farizyen yo ki envite l pou l manje avè l. Vrèmanvre, l al kay Farizyen an e li chita bò tab la avè l. 37  Epi, gen yon dam tout moun nan vil la te konnen kòm yon moun ki t ap mennen yon movèz vi, ki aprann li t ap manje lakay Farizyen an. Li vin ak yon boutèy ann albat ki gen yon luil santi bon ladan l. 38  Epi, l al bò pye Jezi, pa dèyè, li pran kriye, e li kòmanse mouye pye Jezi avèk dlo nan je l, epi li siye yo ak cheve nan tèt li. Epitou, li bo pye Jezi avèk tandrès, epi li pase luil santi bon an sou yo. 39  Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si mesye sa a te yon pwofèt, li te dwe konnen ki kalite moun fi sa a k ap manyen l lan ye, li te dwe konnen l ap mennen yon movèz vi.” 40  Men, Jezi di l: “Simon, m gen yon bagay pou m di w.” Li di: “Anseyan, pale non!” 41  Jezi di l: “De mesye te dwe yon lòt mesye ki te konn prete moun kòb. Premye a te dwe l 500 denye*, lòt la te dwe l senkant denye. 42  Kòm yo pa t gen mwayen pou yo remèt li sa yo te dwe l la, li anile dèt la pou yo san pwoblèm. Kounye a, kiyès nan yo de a k ap renmen mesye a plis?” 43  Simon reponn, li di: “M sipoze se sa ki te gen pi gwo dèt la.” Li di Simon: “Ou byen reponn.” 44  Lè l fin di sa, li vire gad dam nan, epi li di Simon: “Ou wè dam sa a? Gade mwen vin lakay ou, ou pa ban m dlo pou m lave pye m. Men, dam sa a lave pye m ak dlo nan je l, e li siye yo ak cheve l. 45  Ou pa bo m, men dam sa a, depi lè m antre la a, li pa sispann bo pye m avèk tandrès. 46  Ou pa pase luil nan tèt mwen, men dam sa a pase luil santi bon nan pye m. 47  Se poutèt sa, m ap di w sa, peche l yo, byenke yo anpil, yo jwenn padon, paske li demontre anpil lanmou. Men, moun yo padone yon tikras demontre yon tikras lanmou.” 48  Apre sa, li di dam nan: “Peche w yo padone.” 49  Lè l di sa a, moun ki te chita bò tab la ansanm avè l yo kòmanse di nan kè yo: “Kiyès mesye sa a ye pou l menm padone peche?” 50  Epi li di dam nan: “Lafwa w sove w. Ale anpè.”

Nòt anba paj

Mo pou mo: “moun ki pa jwenn okenn rezon pou l bite akoz mwen”.
Gade nòt ki pou Mt 18:28 la.