1 Samyèl 10​:​1-27

  • Bondye chwazi Sayil kòm wa (1-16)

  • Samyèl prezante Sayil bay pèp la (17-27)

10  Apre sa, Samyèl pran ti bidon luil la, li vide luil sou tèt Sayil+, li bo l e li di l: “Èske se pa Jewova ki chwazi w kòm chèf+ pèp li a+?  Lè w kite m jodi a, w ap rankontre ak de mesye toupre tonm Rachèl la+, nan tèritwa tribi Benjamen an, nan Sèlza, y ap di w: ‘Yo jwenn bourik ou t al chèche yo, men, papa w pa bay tèt li pwoblèm pou bourik yo ankò+, se pou ou l ap bay tèt li pwoblèm. Li di: “Apa pitit gason m nan pa retounen! Ki sa pou m fè kounye a?”’  Kontinye ale jiskaske w jwenn gwo pyebwa ki nan Tabò a. La a, w ap rankontre twa mesye k ap monte Betèl pou y al adore vrè Dye a+. Youn ak twa ti kabrit, yon lòt pote twa pen, e gen yon lòt ki pote yon gwo bidon diven.  Y ap salye w, y ap ba w de pen e ou dwe aksepte yo nan men yo.  Apre sa, w ap monte ti mòn vrè Dye a, kote ki gen yon gwoup sòlda ki moun Filisti. Lè w rive nan vil la, w ap rankontre yon gwoup pwofèt ki soti kote ki wo yo konn fè adorasyon an, gen moun k ap jwe enstriman mizik ki gen kòd, y ap bat tanbouren, y ap jwe flit ak hap* devan yo, toutpandan pwofèt yo ap anonse pwofesi.  Lespri Jewova ap desann sou ou+, w ap anonse pwofesi ansanm ak yo e w ap vin yon lòt moun+.  Lè tout bagay sa yo reyalize, fè tout sa w ka fè, paske vrè Dye a avè w.  Apre sa, pran devan m, desann Gilgal+. Mwen menm m ap desann vin jwenn ou la pou m ofri sakrifis y ap boule nèt yo ak sakrifis kominyon* yo. Ou dwe ret tann sèt jou lòtbò a jiskaske m vin jwenn ou. Lè sa a, m ap di w sa pou w fè.”  Kou Sayil fin vire kite Samyèl, Bondye te kòmanse chanje kè l, li fè l vin yon lòt moun. Tout siy sa yo te reyalize jou sa a. 10  Se konsa yo kite zòn nan y al sou ti mòn nan e yon gwoup pwofèt te rankontre l. Menm kote a, lespri Bondye desann sou li+ e li te kòmanse anonse pwofesi+ nan mitan yo. 11  Lè tout moun ki te rekonèt li yo wè l ap anonse pwofesi ansanm ak pwofèt yo, youn di lòt: “Sa k rive pitit gason Kich la la a? Èske Sayil se youn nan pwofèt yo tou?” 12  Epi, gen yon mesye nan zòn nan ki di: “Men, e lòt pwofèt sa yo, kiyès ki papa yo?” Se sa k fè te vin gen yon pawòl* ki di: “Èske Sayil se youn nan pwofèt yo tou+?” 13  Lè l fin anonse kèk pwofesi, l al kote ki wo yo konn fè adorasyon an. 14  Annapre, frè papa Sayil la di Sayil ak sèvitè l la: “Ki kote nou t ale?” Sayil reponn: “Nou t al chèche bourik yo+, men nou pa jwenn yo, se sa k fè nou t al kot Samyèl.” 15  Tonton Sayil la mande l: “Tanpri, di m non, ki sa Samyèl di w?” 16  Sayil di tonton l lan: “Li di nou yo gentan jwenn bourik yo.” Men, Sayil pa di l si Samyèl te di l l ap vin wa. 17  Samyèl te fè tout pèp la rasanble devan Jewova nan Mispa+ 18  e li te di Izrayelit yo: “Men sa Jewova Bondye Izrayèl la di: ‘Se mwen menm ki te fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Ejip e ki te sove nou anba men Ejipsyen yo+ ak anba men tout wa ki t ap toupizi nou yo. 19  Epoutan, jodi a, nou vire do bay Bondye nou an+, Sila a ki te sove nou anba tout malè nou yo ak tout tray nou t ap pase yo, e nou di: “Ou dwe chwazi yon wa pou dirije nou.” Kounye a, vin kanpe devan Jewova, tribi pa tribi, fanmi pa fanmi*.’” 20  Se konsa, Samyèl te fè tout tribi Izrayèl yo pwoche+ e li te chwazi tribi Benjamen an+. 21  Apre sa, li te fè tribi Benjamen an pwoche, fanmi pa fanmi, e li te chwazi fanmi Matrit yo. Alafen, li te chwazi Sayil, pitit gason Kich la+. Men, lè y ap chèche l, yo pa t ka jwenn li okenn kote. 22  Lè sa a, yo mande Jewova+: “Èske l vin la a deja?” Jewova reponn: “Li la. Men l kache kò l pami pwovizyon yo.” 23  Se konsa yo kouri al pran l kote l te ye a, yo mennen l vini. Lè l kanpe nan mitan pèp la, moun ki te pi wo yo te ba l nan zepòl+. 24  Samyèl di tout pèp la: “Èske nou wè jan moun Jewova chwazi a+ pa gen yon moun tankou l pami tout pèp la?” Lè sa a, tout moun nan pèp la te pran rele: “Viv wa a!” 25  Samyèl te di pèp la sa wa y ap genyen yo ap gen dwa pou yo mande yo+. Li ekri yo nan yon liv e li mete liv la devan Jewova. Epi, Samyèl voye tout pèp la ale, chak moun t al lakay yo. 26  Sayil t al lakay li nan Gibeya, e te gen sòlda Jewova te touche kè yo ki te akonpaye l. 27  Men, gen kèk voryen ki t ap di: “Ki jan nonm sa a pral fè sove nou+?” Konsa, yo te meprize l e yo pa t ba l okenn kado+. Poutan, li pa t di anyen sou sa*.

Nòt anba paj

Oswa: “ofrann lapè”.
Oswa: “yon pwovèb”.
Oswa: “pa gwoup mil moun nou genyen yo”.
Lit.: “Epi, li te tankou yon moun ki pa ka pale”.