1 Samyèl 13​:​1-23

  • Sayil chwazi yon lame (1-4)

  • Sayil pran dwa ki pa pou li (5-9)

  • Samyèl blame Sayil (10-14)

  • Izrayèl pa gen zam (15-23)

13  Sayil te gen ...* an lè l te vin wa+. Li te pase dezan ap dirije pèp Izrayèl la.  Apre sa, li te chwazi 3 000 gason nan pèp Izrayèl la. Te gen 2 000 ladan yo ki te avèk Sayil nan Mikmach ak nan zòn ki gen mòn nan Betèl la e 1 000 lòt yo te ansanm ak Jonatan+ nan Gibeya+ ki nan tèritwa tribi Benjamen an. Sayil te voye rès pèp la ale, chak moun t al nan tant yo.  Apre sa, Jonatan te touye gwoup sòlda Filisti+ ki te nan Geba a+ e moun Filisti yo te vin konn sa. Epi, Sayil te fè moun sonnen twonpèt+ nan tout peyi Izrayèl pou di pèp la: “Se pou Ebre yo vin tande!”  Men nouvèl tout pèp Izrayèl la te tande: “Sayil touye yon gwoup sòlda Filisti, e kounye a, moun Filisti yo vin rayi pèp Izrayèl la.” Konsa, mesaje yo te mande pèp la pou y al jwenn Sayil nan Gilgal+.  Moun Filisti yo te rasanble tou pou y al fè lagè ak pèp Izrayèl la. Yo te gen 30 000 charyo pou yo fè lagè, 6 000 sòlda sou cheval ak plizyè gwoup sòlda ki tankou grenn sab bò lanmè+. Yo t al monte kan yo Mikmach, nan lès Bètavenn+.  Lè sa a, mesye Izrayèl yo te wè yo nan pwoblèm, paske yo te nan yon sitiyasyon ki difisil anpil. Se sa k fè yo t al kache nan gwòt+, nan twou, bò yon seri gwo wòch, nan kay anba tè ak nan pi.  Gen kèk Ebre ki te travèse Rivyè Jouden an pou y al nan tèritwa tribi Gad la ak nan Galaad+. Men, Sayil te toujou rete Gilgal, e tout moun ki t ap suiv li yo t ap tranble.  Li te ret tann sèt jou jiskaske lè pou Samyèl vini an rive. Men, Samyèl potko rive Gilgal, epitou pèp la te vin gaye kite Sayil.  Alafen, Sayil di: “Pote sakrifis pou yo boule nèt la ak sakrifis kominyon* yo ban mwen.” Epi, li ofri sakrifis pou yo boule nèt la+. 10  Men, Sayil annik fin ofri sakrifis pou yo boule nèt la, Samyèl rive. Konsa, Sayil te soti al rankontre l e li te salye l. 11  Lè sa a, Samyèl di: “Sa w fè la a?” Sayil reponn: “Mwen te wè pèp la t ap pati kite m+, ou pa t vini lè pou w te vini an, epi moun Filisti yo te kòmanse rasanble nan Mikmach+. 12  Mwen te di tèt mwen: ‘Men moun Filisti yo ap desann vin atake m nan Gilgal, epi mwen pa chèche jwenn favè Jewova.’ Se sa k fè mwen te santi m oblije ofri sakrifis yo boule nèt la.” 13  Lè sa a, Samyèl di Sayil: “Se bagay moun sòt ou fè la a. Ou pa obeyi kòmandman Jewova, Bondye w la, te ba w la+. Si w te fè sa, Jewova t ap fè wayòm ou an ret pou toutan sou pèp Izrayèl la. 14  Men, kounye a, wayòm ou an pap dire+. Jewova ap jwenn yon moun ki fè l plezi+ e Jewova ap mete l chèf sou pèp li a+, paske w pa t obeyi lòd Jewova te ba w la+.” 15  Apre sa, Samyèl leve li kite Gilgal l al Gibeya ki nan tèritwa tribi Benjamen an, epi Sayil te konte pèp la. Te gen 600 gason ki te ret ansanm avè l+. 16  Sayil ak Jonatan, pitit gason l, ansanm ak mesye ki te avè l yo te rete nan Geba+ ki nan tèritwa tribi Benjamen an, e moun Filisti yo te monte kan yo nan Mikmach+. 17  Epi, sòlda ki te konn devan pou y al atake nan lame Filisti a te kite kan an e yo te fè twa gwoup. Yon gwoup t ale nan wout ki mennen Ofra a, nan peyi Chouwal, 18  yon lòt gwoup t ale nan wout Bètowon an+ e twazyèm gwoup la t ale nan wout ki mennen nan fwontyè ki bay sou Vale Zeboyim nan, nan direksyon dezè a. 19  Twouve, pa t gen yon bòs fòjon nan tout tèritwa Izrayèl, se sa k fè moun Filisti yo te di: “Ebre yo pap ka fè ni epe ni lans.” 20  Epi, tout Izrayelit yo te konn oblije desann al kote moun Filisti yo pou yo file dan chari yo, wou yo, rach yo ak sèpèt yo te genyen. 21  Yo te peye yon pim* pou yo te bay file dan chari yo te genyen yo, wou yo, fouch ki gen twa dan yo, rach yo e pou yo te bay drese pwent digèt yo. 22  E lè te vin gen lagè, okenn nan moun ki te avèk Sayil ak Jonatan yo pa t menm gen yon epe oswa yon lans nan men yo. Se sèl Sayil ak Jonatan+, pitit gason l lan, ki te gen zam sa yo. 23  Twouve, nan sòlda Filisti yo, te gen yon ti gwoup ki t ale nan pas Ravin Mikmach la+.

Nòt anba paj

Kantite ane a pa nan tèks ebre a.
Oswa: “ofrann lapè”.
Se te yon ansyen mezi ki egal anviwon de tyè yon chekèl.