1 Samyèl 15​:​1-35

  • Sayil dezobeyi; li pa touye Agag (1-9)

  • Samyèl blame Sayil (10-23)

    • “Obeyi gen plis valè pase fè sakrifis” (22)

  • Bondye pa vle Sayil kòm wa ankò (24-29)

  • Samyèl touye Agag (30-35)

15  Epi, Samyèl di Sayil: “Se Jewova ki te voye m vin chwazi w kòm wa pou dirije pèp Izrayèl la+. Kounye a, koute sa Jewova gen pou l di w+.  Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘M ap vanje sou moun Amalèk yo poutèt sa yo te fè pèp Izrayèl la lè yo te kont yo pandan yo t ap sot ann Ejip la+.  Kounye a, nou mèt al atake moun Amalèk yo+, epi detwi yo nèt+ ansanm ak tout sa yo genyen. Nou pa dwe gen pitye pou yo. Nou dwe touye+ gason kou fi, timoun kou tibebe, bèf kou mouton, chamo kou bourik+.’”  Epi, Sayil fè rele moun yo e li konte yo nan Telayim. Li te jwenn 10 000 gason ki sot nan tribi Jida ak 200 000 sòlda apye ki soti nan lòt tribi Izrayèl yo+.  Sayil ale toupre vil Amalèk la e li tann yon anbiskad bò vale a.  Lè sa a, Sayil di Kenit yo+: “Ale! Retire kò nou pami moun Amalèk yo pou m pa elimine nou ansanm avèk yo+, paske nou te montre lanmou ki fidèl pou pèp Izrayèl la+ lè yo te sot nan peyi Ejip.” Konsa, Kenit yo te retire kò yo nan vil Amalèk la.  Apre sa, Sayil kòmanse touye moun Amalèk yo+ soti Avila+ rive jis Chou+, ki toupre peyi Ejip.   Li te pran Agag+, wa Amalèk la, tou vivan, men li te touye tout lòt moun yo nèt ak kout epe+.  Men, Sayil ak sòlda l yo te gen pitye pou Agag ak pi bèl mouton yo, pi bèl bèf yo, lòt bèt ki byen gra yo, pi bèl mal mouton yo ak tout sa k te bon yo+. Yo pa t vle detwi tout nèt. Men, tout sa ki te san valè yo, sa moun pa t bezwen yo, yo te detwi yo nèt. 10  Apre sa, Jewova di Samyèl: 11  “Mwen regrèt* mwen te met Sayil wa, paske li sispann obeyi m e li pa fè sa mwen di+.” Sa te fè Samyèl tris anpil, e li te pase tout yon nuit ap rele nan pye Jewova san rete+. 12  Lè Samyèl leve granmmaten pou l al rankontre Sayil, yo di Samyèl: “Sayil al Kamèl+. Li fè yon moniman ki gen fòm yon poto pou l onore tèt li+. Apre sa, li vire desann al Gilgal.” 13  Lè Samyèl resi jwenn Sayil, Sayil di l: “Mwen swete pou Jewova beni w! Mwen te fè sa Jewova te di a.” 14  Men, Samyèl di l: “Ki bri mouton ak bri bèf m ap tande la a+?” 15  Lè sa a, Sayil di: “Sòlda m yo te pran yo nan tèritwa moun Amalèk yo mennen isit la, paske yo pa t touye* pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo te pran yo pou yo fè sakrifis pou Jewova, Bondye w la. Men, nou te detwi tout sa k te rete yo. 16  Lè sa a, Samyèl di Sayil: “Silans! Kite m di w sa Jewova di m yè swa+.” Epi, li di l: “Ou mèt pale!” 17  Ansuit, Samyèl di l: “Èske se pa ou menm ki te konsidere tèt ou kòm yon moun ki pa gen anpil enpòtans+ lè Jewova te mete w alatèt tribi Izrayèl yo e lè l te chwazi w kòm wa pou dirije pèp Izrayèl la+? 18  Annapre, Jewova te voye w al fè yon misyon e li te di w: ‘Al touye tout moun Amalèk yo nèt+, yon bann moun k ap pratike peche. Al fè lagè avèk yo jiskaske w fin elimine yo nèt+.’ 19  Bon, poukisa w pa t obeyi sa Jewova di? Men, ou te pito plonje sou sa w te jwenn apre lagè a+ e w te fè sa ki mal nan je Jewova.” 20  Men, Sayil di Samyèl: “Men, mwen te obeyi sa Jewova di! Mwen t al fè misyon Jewova te voye m fè a, mwen vini ak Agag, wa Amalèk la, e mwen touye tout moun Amalèk yo nèt+. 21  Men, sòlda yo te pran mouton ak bèf nan bagay yo te jwenn apre lagè a. Yo te pran pi bèl bèt nan sa yo te dwe detwi yo pou yo fè sakrifis pou Jewova, Bondye w la, nan Gilgal+.” 22  Lè sa a, Samyèl di: “Èske plezi Jewova pran lè moun obeyi sa Jewova di se menm plezi sa a li pran nan sakrifis yo boule nèt ak nan lòt kalite sakrifis+? Gade! Obeyi gen plis valè pase fè sakrifis+, epi koute gen plis valè pase ofri grès+ mal mouton. 23  Paske, yon moun ki fè rebèl+ se menm bagay ak yon moun ki fè divinò+, e yon moun ki pran yon dwa ki pa pou li menm jan ak yon moun ki fè maji e ki adore zidòl*. Piske w te rejte pawòl Jewova+, ebyen li rejte w pou w pa wa ankò+.” 24  Lè sa a, Sayil di Samyèl: “Mwen peche, paske mwen dezobeyi lòd Jewova ak pawòl ou yo piske mwen te pè pèp la e mwen te koute sa yo te di. 25  Kounye a, tanpri, padone peche m te fè a e retounen avè m pou m ka al pwostène devan Jewova+.” 26  Men, Samyèl di Sayil: “Mwen pap retounen avè w paske w te rejte pawòl Jewova e Jewova rejte w pou w pa kontinye dirije pèp Izrayèl la kòm wa+.” 27  Kou Samyèl ap vire pou l ale, Sayil kenbe ke manto san manch ki te sou Samyèl la, epi manto a chire. 28  Menm moman an, Samyèl di l: “Jewova retire wayòm Izrayèl la nan men w jodi a pou l bay yon moun parèy ou ki pi bon pase w+. 29  Mete sou sa, Gran Dye Izrayèl la+ pap bay manti+ e li pap chanje lide*, paske li pa yon senp moun pou l ap chanje lide*+.” 30  Lè sa a, Sayil di: “Mwen peche. Men, tanpri, pa fè m wont devan ansyen ki nan pèp mwen an e devan pèp Izrayèl la. Retounen avè m pou m al pwostène devan Jewova, Bondye w la+.” 31  Samyèl retounen ansanm ak Sayil, e Sayil te pwostène devan Jewova. 32  Epi, Samyèl di: “Mennen Agag, wa Amalèk la, vin jwenn mwen.” Agag t al jwenn li tou pè*, paske li t ap di nan kè l: “Se sèten yo pap touye m ankò.” 33  Epoutan, Samyèl di l: “Menm jan w te sèvi ak epe w pou w fè yon pakèt medam vin san pitit, se konsa tou, pami medam yo, se manman w ki pap gen pitit menm!” Lè sa a, Samyèl rache Agag fè miyèt moso devan Jewova nan Gilgal+. 34  Apre sa, Samyèl al Rama, e Sayil li menm monte al lakay li nan Gibeya. 35  Jis Samyèl mouri, li pa janm wè Sayil ankò. Men, Samyèl te nan gwo lapenn pou Sayil+. Jewova te regrèt li te met Sayil wa pou dirije pèp Izrayèl la+.

Nòt anba paj

Oswa: “gen lapenn poutèt”.
Oswa: “yo te gen pitye pou”.
Lit.: “estati terafim yo”, anpalan de dye fanmi.
Oswa: “pap santi l regrèt”.
Oswa: “pou l ap santi l regrèt”.
Se kapab tou: “avèk konfyans”.