1 Samyèl 16​:​1-23

  • Samyèl vide luil sou tèt David kòm pwochen wa (1-13)

    • ‘Jewova wè sa k nan kè yon moun’ (7)

  • Bondye retire lespri l sou Sayil (14-17)

  • David vin ap jwe hap pou Sayil (18-23)

16  Alafen, Jewova di Samyèl: “Jis ki lè w ap sispann nan lapenn pou Sayil+, piske m rejte l pou l pa wa pèp Izrayèl la ankò+? Plen kòn ou an ak luil+, epi ale. M ap voye w kay Jese+, moun Betleyèm nan, paske mwen chwazi youn nan pitit gason l yo kòm wa+.”  Men, Samyèl reponn: “Ki jan m ap fè ale? Si Sayil tande sa, l ap touye m+.” Jewova di l: “Ale ak yon jenn ti gazèl bèf, epi w ap di: ‘Mwen pral fè sakrifis pou Jewova.’  Envite Jese vin nan sakrifis la, epi m ap fè w konnen sa pou w fè. Ou dwe vide luil sou tèt moun m ap montre w la+.”  Samyèl te fè sa Jewova te di l la. Lè l rive Betleyèm+, ansyen yo ki nan vil la t ap tranble lè yo rankontre avè l. Yo di l: “Èske gen yon pwoblèm?”  Li reponn yo: “Pa gen pwoblèm. Se sakrifis mwen vin fè pou Jewova. Pirifye tèt nou, epi vin avè m nan sakrifis la.” Apre sa, li pirifye Jese ak pitit gason l yo, epi li envite yo nan sakrifis la.  Pandan y ap vini, li wè Elyab+, li di: “Siman se moun Jewova chwazi a ki kanpe devan l la a.”  Men, Jewova di Samyèl: “Pa gade sou aparans li ak wotè l+, mwen pa chwazi l. Paske fason lòm wè bagay yo se pa konsa Bondye wè yo. Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun+.”  Apre sa, Jese rele Abinadab+ e li mennen l devan Samyèl. Men, Samyèl di l: “Jewova pa chwazi l nonplis.”  Epi, Jese vin ak Chama+, men Samyèl di l: “Jewova pa chwazi l nonplis.” 10  Twouve, Jese te mennen sèt nan pitit gason l yo devan Samyèl. Men, Samyèl di Jese: “Jewova pa chwazi youn ladan yo.” 11  Alafen, Samyèl di Jese: “Èske se sèlman pitit gason sa yo ou genyen?” Epi, Jese reponn: “Se sèl pi piti a+ ou poko wè, paske l al pran swen mouton yo+.” Lè sa a, Samyèl di Jese: “Voye chèche l pou mwen, paske nou pap chita pou n manje toutotan l pa vini.” 12  Konsa, li voye chèche l e li fè l vin jwenn Samyèl. Twouve, po tigason an te woz, li te gen bèl je e li te yon bèl tigason+. Epi, Jewova di Samyèl: “Leve, vide luil sou tèt li, paske se li m chwazi+.” 13  Lè sa a, Samyèl pran kòn ki gen luil la+, li vide luil sou tèt tigason an devan frè l yo pou montre Bondye chwazi l. Lespri Jewova te kòmanse aji sou David depi jou sa a+. Apre sa, Samyèl leve l al Rama+. 14  Twouve, lespri Jewova te soti sou Sayil+ e Jewova te kite Sayil vin gen yon move mantalite* ki fè l boulvèse+. 15  Sèvitè Sayil yo te di l: “Ou wè Bondye kite w vin gen yon move mantalite ki fè w boulvèse. 16  Tanpri mèt, bay sèvitè w yo ki la a lòd pou y al chèche yon moun ki konn jwe hap* byen+ pou lè move mantalite Bondye kite w genyen an fè w vin boulvèse, l ap jwe pou ou e w ap santi w pi byen.” 17  Se sa k fè, Sayil te di sèvitè l yo: “Tanpri, al chèche yon moun ki konn jwe mizik byen pou mwen, epi mennen l vin jwenn mwen.” 18  Youn nan sèvitè l yo di: “Mwen te wè youn nan pitit gason Jese, moun Betleyèm nan, ki konn jwe mizik byen, li gen anpil kran e li se yon sòlda vanyan+. Li konn pale byen, li bèl gason+ e Jewova avè l+.” 19  Lè sa a, Sayil voye kèk nan sèvitè l yo al di Jese: “Voye David, pitit gason w ki konn gade mouton an, vin jwenn mwen+.” 20  Epi, Jese bay David, pitit gason l lan, mennen yon bourik chaje manje ak yon bidon ki fèt ak po bèt plen diven ansanm ak yon jenn ti kabrit bay Sayil. 21  Konsa, David t al jwenn Sayil e li te kòmanse sèvi l+. Sayil te vin renmen David anpil, e se David ki te vin ap pote zam Sayil yo. 22  Sayil voye di Jese: “Tanpri, kite David sèvi m, paske mwen apresye l anpil.” 23  Chak fwa Bondye te kite Sayil vin gen yon move mantalite ki fè l boulvèse, David te pran hap la, li jwe l pou li. Epi, Sayil te konn santi l soulaje, li te konn santi l byen, e move mantalite li te genyen an te konn sispann fè l boulvèse+.

Nòt anba paj

Lit.: “vin gen yon move lespri”.