1 Samyèl 19​:​1-24

  • Sayil kontinye rayi David (1-13)

  • David kouri pou Sayil (14-24)

19  Annapre, Sayil pale ak Jonatan, pitit gason l, ansanm ak tout sèvitè l yo, pou l fè yo konnen li vle touye David+.  Kòm Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil+, li di David: “Sayil, papa m, vle touye w. Tanpri, demen maten veye kò w avè l, epi al yon kote moun pap konnen, ret kache la.  M ap soti ak papa m, epi m ap ret toupre l nan rak bwa kote w ap ye a. M ap pale ak papa m pou ou. Si m vin konn yon bagay, m ap fè w konn sa kanmenm+.”  Konsa, Jonatan di Sayil, papa l, bon bagay sou David+. Li te di l: “Wa a pa dwe fè anyen ki mal* kont David, sèvitè l la, paske l pa fè w anyen ki mal, e tout sa l fè pou ou se pou byen w.  Li te riske lavi l* pou l touye sòlda Filisti a+, e sa te fè Jewova pote yon gwo viktwa* an favè tout pèp Izrayèl la. Ou te wè sa e w te kontan anpil. Poukisa kounye a ou vle fè peche sa a, ou vle vèse san yon moun ki inosan, ou vle touye David san rezon+?”  Epi, Sayil koute sa Jonatan di l la e Sayil fè yon sèman, li di: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman mwen pap touye David.”  Apre sa, Jonatan rele David, li di l tout pawòl sa yo. Epitou, Jonatan mennen David bay Sayil, e David kontinye sèvi Sayil, jan l te abitye fè a+.  Rive yon lè, te gen yon lagè ki t ap fèt, epi David t al batay ak moun Filisti yo. Li touye yon pakèt ladan yo, e rès moun yo kouri pou li.  Epi, Jewova te kite Sayil vin gen yon move mantalite*+ lè l te chita lakay li ak lans li nan men l pandan David t ap jwe hap* pou li+. 10  Sayil te chèche kloure David nan mi an ak lans lan, men David retire kò l kot Sayil ki te voye lans lan dèyè l nan mi an. David kouri, l ale menm nuit lan. 11  Annapre, Sayil voye kèk mesye lakay David pou yo veye kay la pou yo ka touye l demen maten+. Men, Mikal, madanm David, te di l: “Si w pa retire kò w la a aswè a, demen w ap mouri.” 12  Menm moman an, Mikal fè David desann nan fenèt la pou David ka kouri retire kò l. 13  Mikal pran estati terafim nan*, li mete l kouche sou kabann nan, lèfini, li mete yon twal ki fèt ak plim kabrit kote tèt David te dwe ye a, epi, li kouvri estati a ak yon rad. 14  Twouve, Sayil te voye kèk mesye al pran David. Men, Mikal te di yo: “David malad.” 15  Konsa, Sayil te voye mesye yo al chèche wè David e li te di yo: “Pran l nan kabann li mennen l ban mwen pou m touye l+.” 16  Lè mesye yo antre nan kay la, yo jwenn estati terafim nan* sou kabann nan, e te gen yon twal ki fèt ak plim kabrit kote tèt David te dwe ye a. 17  Sayil di Mikal: “Poukisa w twonpe m konsa e ou fè ènmi m+ nan sove l ale?” Mikal reponn Sayil: “Li te di m: ‘Si w pa kite m ale, m ap touye w.’” 18  Se konsa, David kouri l ale, l al jwenn Samyèl nan Rama+. Li rakonte l tout sa Sayil fè l yo. Apre sa, li menm ak Samyèl deplase y al ret Nayiyòt+. 19  Yon lè, yo vin di Sayil: “Men David Nayiyòt, nan Rama.” 20  Menm moman an, Sayil voye kèk mesye al met men sou David. Lè sèvitè Sayil yo wè pwofèt ki te pi granmoun yo t ap pwofetize e Samyèl te kanpe nan mitan yo, li t ap dirije yo, lespri Bondye te vin sou yo, e yo te kòmanse aji tankou pwofèt tou. 21  Gen moun ki vin di Sayil sa. Menm kote a, li voye yon lòt gwoup moun. Yo menm tou yo te kòmanse aji tankou pwofèt. Epi, Sayil te voye yon twazyèm gwoup moun, yo menm tou yo te vin ap aji tankou pwofèt. 22  Alafen, li menm tou l al Rama. Lè l rive bò gwo sitèn ki nan Sekou a, li mande: “Kote Samyèl ak David ye la a?” Yo reponn li: “Yo Nayiyòt+, nan Rama.” 23  Pandan Sayil sou wout pou l al Nayiyòt, nan Rama, lespri Bondye vin sou li tou. Sou tout wout la, li t ap aji tankou yon pwofèt, jiskaske li rive Nayiyòt, nan Rama. 24  Epitou, li te retire rad sou li e li t ap aji tankou yon pwofèt devan Samyèl. Jou sa a, li te rete prèske san rad sou li tout lajounen, tout lannuit. Se sa k fè yo konn di: “Èske Sayil se youn nan pwofèt yo tou+?”

Nòt anba paj

Lit.: “pa dwe peche”.
Oswa: “Li te mete nanm li nan pla men l”.
Oswa: “delivrans”.
Lit.: “vin gen yon move lespri”.
Oswa: “dye fanmi an; zidòl la”.
Oswa: “dye fanmi an; zidòl la”.