1 Samyèl 21​:​1-15

  • David manje pen yo prezante devan Bondye a nan Nòb (1-9)

  • David pran pòz moun fou l nan vil Gat (10-15)

21  Annapre, David rive Nòb+, lakay Ayimelèk, prèt la. Ayimelèk te kòmanse tranble lè l rankontre David, epi li di l: “Poukisa w poukont ou, san pèsonn avè w+?”  David reponn Ayimelèk, prèt la, li di l: “Wa a ban m lòd pou m al fè yon bagay, men li di m: ‘Pa kite pèsonn konnen ki sa m voye w fè e ki lòd mwen ba ou.’ Kounye a, mwen gen randevou ak jèn mesye m yo pou m rankontre avèk yo yon kote.  Si w gen senk pen, oswa nenpòt lòt bagay, ou mèt ban mwen yo.”  Men, prèt la reponn David: “Mwen pa gen pen ki pa sakre la a, se pen sakre sèlman ki genyen+. Depi jèn mesye yo pa t al nan fi, m ap ba ou yo+.”  David reponn prèt la: “Se sèten, nou pa t al nan fi, e se konsa nou te toujou fè lè nou pral nan lagè+. Si kò jèn mesye yo konn sen lè yo pral nan yon misyon ki òdinè, ou pa bezwen mande si kò yo sen jodi a!”  Konsa, prèt la te ba l pen sakre yo+, paske pa t gen lòt pen, sof pen yo te prezante devan Jewova a e yo te ranplase ak pen fre jou yo te retire l la.  Gen youn nan sèvitè Sayil yo ki te la jou sa a, paske yo te fè l rete la devan Jewova. Li te rele Dowèg+, li se moun Edòm+. Se li ki te chèf gadò mouton Sayil yo.  Apre sa, David di Ayimelèk: “Èske w gen yon lans oswa yon epe la a? Mwen pa t gentan pran epe m ak zam mwen, paske m te vle fè misyon wa a san pèdi tan.”  Lè sa a, prèt la di l: “Men epe Golyat la+, moun Filisti ou te touye nan Vale Ela a+, ki byen vlope nan yon twal dèyè efòd* la+. Si w vle pran l, ou mèt pran l. Paske se li sèl ki la a.” David di: “Pa gen tankou l. Ban mwen l.” 10  Menm jou a, David leve l ale, li kontinye wout li+ pou Sayil pa jwenn li. Finalman, li rive kot Akich, wa Gat la+. 11  Sèvitè Akich yo di Akich: “Se pa David, wa peyi Izrayèl la? Èske se pa pou li menm yo t ap chante lè yo t ap danse e yo t ap di: ‘Sayil touye plizyè milye ènmi,Men, David touye plizyè dizèn milye ènmi+’?” 12  Pawòl sa yo te fè David reflechi e li te vin pè Akich, wa Gat la, anpil+. 13  Se sa k fè li te pran pòz moun fou l+ devan yo e li t ap aji tankou yon moun ki pèdi tèt li pandan l te nan men yo. Li t ap fè yon seri mak sou pòt ki nan antre vil la e li te kite bave koule sou bab li. 14  Alafen, Akich di sèvitè l yo: “Nou pa wè nonm sa a fou? Poukisa nou mennen l ban mwen? 15  Èske se paske mwen pa gen ase moun fou ki fè nou mennen nonm sa a vin fè simagri devan m nan? Kounye a, nou panse m pral kite yon nonm konsa antre lakay mwen?”

Nòt anba paj

Sanble se yon rad ki te tankou yon tabliye e ki te gen yon pati ki bay sou devan ak yon pati ki bay pa dèyè.