1 Samyèl 24​:​1-22

  • David pa vle touye Sayil (1-22)

    • David respekte moun Jewova chwazi a (6)

24  Kou Sayil retounen sot dèyè moun Filisti yo, yo di l: “Men David nan Dezè Enngedi+!”  Konsa, Sayil chwazi 3 000 gason pami tout pèp Izrayèl la, epi l al chèche David ak mesye David yo nan zòn ki chaje ak wòch nan mòn ki gen kabrit yo.  Sayil rive kot patiraj mouton ki bare ak wòch ki te bò wout la, yon kote ki gen yon gwòt, e li antre nan gwòt la pou l al fè yon bezwen* pandan David ak mesye l yo te chita jis nan fon gwòt la+.  Mesye David yo di l: “Jodi a, se jou kote Jewova di w: ‘Gade! Mwen lage ènmi w lan nan men w+, ou ka fè l sa w vle.’” Se konsa, David leve tou dousman, li koupe ke manto san manch ki te sou Sayil la.  Men, apre sa, konsyans* David te vin ap kale l+ paske l te koupe ke manto san manch Sayil la.  Li di mesye l yo: “Piske m gen respè pou Jewova, mwen pa t ap janm panse fè mèt mwen an, moun Jewova chwazi a, yon bagay konsa. Mwen pa t ap janm leve men m pou m frape l, paske li se moun Jewova chwazi a+.”  Pawòl David te di yo te fè mesye l yo fè bak*. Li pa t kite yo atake Sayil. Epi, Sayil te leve sot nan gwòt la, l al fè wout li.  Apre sa, David leve, li soti nan gwòt la, li rele Sayil: “Monwa, mèt mwen+!” Lè Sayil vire gad dèyè, David met ajenou e li bese fas atè.  David di Sayil: “Poukisa w ap koute pawòl yon seri moun k ap di w: ‘Men David ap chèche fè w mal+’? 10  Jodi a menm, ou wè ak je w ki jan Jewova te lage w nan men m nan gwòt la. Men, lè yon moun te di pou m touye w+, mwen te gen pitye pou ou, mwen te di l: ‘Mwen pap leve men m pou m frape mèt mwen an, paske li se moun Jewova chwazi a+.’ 11  Ebyen, papa mwen, men ke manto san manch ou a nan men m. Lè m t ap koupe ke manto san manch ou a, mwen te kapab tou touye w, men mwen pa t fè sa. Kounye a, ou wè mwen pa gen nan lespri m pou m fè w mal oswa pou m fè rebèl avè w e mwen pa fè okenn peche kont ou+, alòske ou menm, w ap kouri dèyè m pou w detwi lavi m*+. 12  Se pou Jewova jije mwen menm avè w+ e se pou Jewova tire revanj pou mwen+! Men, mwen pap leve men m pou m frape w+. 13  Gen yon pwovèb nan tan lontan ki di: ‘Se mechan ki fè mechanste.’ Mwen menm, mwen pap leve men m pou m fè w mal. 14  Dèyè kiyès wa peyi Izrayèl la ap mache konsa a? Dèyè kiyès w ap kouri la a? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon grenn pis+? 15  Se Jewova ki pou jij nou, e l ap jije mwen menm avè w! Se li k ap jije ka a, l ap defann kòz mwen+. L ap jije m e l ap sove m anba men w.” 16  Kou David fin di Sayil pawòl sa yo, Sayil di l: “David, pitit gason m, se vwa w mwen tande la a+?” Epi, Sayil te pran kriye byen fò. 17  Li di David: “Ou pi jis pase m, paske w te byen boule avè m, men mwen menm, se mal mwen fè w+. 18  Wi, jodi a, ou montre m jan w byen boule avè m, piske w pa t touye m lè Jewova te lage m nan men w lan+. 19  Paske, kiyès k ap rankontre yon ènmi l k ap kite l ale san l pa fè l anyen? Jewova ap rekonpanse w+ pou sa w fè pou mwen jodi a. 20  Kounye a, gade! Mwen konnen wè pa wè se ou k ap vin dirije antanke wa+ e wayòm Izrayèl la ap toujou pou ou. 21  Kounye a, mwen mande w pou w fè sèman devan Jewova+ ou pap elimine desandan m yo e ou pap fè non m disparèt nan fanmi papa m+.” 22  Konsa, David te fè sèman bay Sayil. Apre sa, Sayil al lakay li+. Men, David ak mesye l yo al kote yo te kache a+.

Nòt anba paj

Lit.: “kouvri pye l”.
Lit.: “kè”.
Se kapab tou: “te fè mesye l yo gaye kò yo”.
Oswa: “detwi nanm mwen”.