1 Samyèl 26​:​1-25

  • Yon lòt fwa ankò, David pa vle touye Sayil (1-25)

    • David respekte moun Jewova chwazi a (11)

26  Rive yon lè, mesye nan Zif yo+ te vin kot Sayil nan Gibeya+, yo di l: “Men David kache sou ti mòn Akila a, anfas Jechimon*+.”  Konsa, Sayil ale nan Dezè Zif la ak 3 000 gason li te chwazi pami pèp Izrayèl la pou l al chèche David nan Dezè Zif la+.  Sayil te monte kan l sou ti mòn Akila a, ki anfas Jechimon, bò wout la. Lè sa a, David t ap viv nan dezè a e li te aprann Sayil vin dèyè l nan dezè a.  Konsa, David te voye kèk espyon al gade si Sayil vini vre.  Annapre, David t al kote Sayil te monte kan l lan, e David te wè kote Sayil ak Abnè+, pitit gason Nè a, chèf lame Sayil la, te kouche ap dòmi an. Sayil te kouche e li t ap dòmi nan kan an, e gwoup sòlda yo te toutotou l.  Epi, David di Ayimelèk, yon desandan Èt+, ak Abichayi+, pitit gason Sewouya+, frè Jowab: “Kiyès k ap desann nan kan kot Sayil ye a avè m?” Abichayi reponn li: “M ap desann avè w.”  Se konsa, David ak Abichayi t al kote sòlda yo te ye a nan nuit lan, epi yo te jwenn Sayil ap dòmi nan kan an, lans li te plante nan tè a toupre tèt li. Abnè ak gwoup sòlda yo te kouche ap dòmi toutotou l.  Lè sa a, Abichayi di David: “Jodi a, Bondye lage ènmi w lan nan men w+. Kounye a, tanpri, kite m kloure l atè a ak yon sèl kout lans, mwen pap bezwen ba l de.”  Men, David di Abichayi: “Pa fè l anyen ki mal, paske ki moun ki ka leve men l pou l frape moun Jewova chwazi a+ epi pou l ret inosan+?” 10  David di ankò: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman se Jewova k ap touye l+, oswa jou l ap rive+ e l ap mouri, oubyen li pral nan lagè e l ap pèdi lavi l+. 11  Piske mwen gen respè pou Jewova, sa pa t ap janm vin nan lide m pou m leve men m pou m frape moun Jewova chwazi a+! Tanpri, kounye a, ann pran lans ki toupre tèt li a ak bidon dlo a epi ann al fè wout nou.” 12  Se konsa, David te pran lans lan ak bidon dlo a toupre tèt Sayil, epi y ale. Pa t gen pèsonn ki te ni wè yo+ ni remake anyen, e pèsonn pa t reveye, piske yo tout t ap dòmi. Se Jewova ki te fè yon gwo dòmi pran yo. 13  Apre sa, David travèse sou lòt bò a, l al kanpe byen lwen sou tèt mòn nan, e te gen yon bèl distans ki separe yo. 14  David rele gwoup sòlda Sayil yo e li rele Abnè+, pitit gason Nè a, li di: “Reponn mwen non, Abnè!” Abnè reponn: “Kiyès moun sa a k ap fè bri nan tèt wa a?” 15  David di Abnè: “Èske se pa yon gason w ye? Kiyès ki tankou w ann Izrayèl? Bon, poukisa w pa t bay wa a, mèt ou a, sekirite? Paske, gen youn nan sòlda yo ki te vin nan kan an pou l touye wa a, mèt ou a+. 16  Sa w fè a pa bon. Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ou merite mouri, paske w pa t ret ap veye sou mèt ou, moun Jewova chwazi a+. Kounye a, gade bò kote nou an! Kote lans wa a ak bidon dlo+ ki te bò tèt li a?” 17  Epi, Sayil te rekonèt vwa David, li di l: “David, pitit gason m, se vwa w mwen tande la a+?” David reponn: “Se vwa m wi, monwa, mèt mwen an.” 18  Epi, David di: “Mèt mwen, poukisa w ap kouri dèyè sèvitè w la+? Ki sa m fè? Ki zak mwen fè+? 19  Monwa, mèt mwen an, tanpri, koute sa sèvitè w la ap di w: Si se Jewova ki fè w leve kont mwen, mwen swete l ap aksepte ofrann manje angren m ap ba li a. Men, si se lèzòm ki fè w fè sa+, se pou Jewova lage malediksyon sou yo! Paske, jodi a, yo fè m kouri al byen lwen pou m pa sèvi Jewova ansanm ak pèp li a, se kòmsi yo di m+: ‘Ale, al sèvi lòt dye!’ 20  Kounye a, pa fè san m koule devan je Jewova. Paske wa Izrayèl la soti vin chèche yon grenn pis+, tankou se yon ranmye li t ap chase nan mòn.” 21  Sayil reponn: “Mwen peche+. David, pitit gason m, ou mèt retounen, paske mwen pap fè w anyen ki mal ankò, piske jodi a ou montre w bay lavi m* anpil valè+. Wi, mwen te aji tankou yon moun sòt e mwen fè yon gwo erè.” 22  David di: “Monwa, men lans ou a. Fè youn nan jèn gason yo travèse vin pran l. 23  Se Jewova k ap rekonpanse chak moun pou sa yo fè ki jis+ e poutèt yo fidèl. Paske, jodi a, Jewova lage w nan men m, men mwen pa t vle leve men m pou m frape moun Jewova chwazi a+. 24  Menm jan m bay lavi w* anpil valè jodi a, mwen swete pou Jewova bay lavi m* anpil valè tou e pou l delivre m anba tout pwoblèm+.” 25  Sayil reponn David, li di l: “David, pitit gason m, se pou Bondye beni w! Se sèten, w ap fè yon pakèt gwo bagay e w ap reyisi kanmenm+.” Apre sa, David ale, epi Sayil retounen lakay li+.

Nòt anba paj

Se kapab tou: “dezè a”.
Oswa: “nanm mwen”.
Oswa: “nanm ou”.
Oswa: “nanm mwen”.