1 Samyèl 29​:​1-11

  • Moun Filisti yo pa fè David konfyans (1-11)

29  Moun Filisti yo+ te rasanble tout lame yo a nan Afèk, pandan Izrayelit yo yo menm te monte kan yo toupre sous dlo nan Jizreyèl la+.  Epi, chèf nan Filisti yo t ap mache ansanm ak gwoup sòlda ki gen 100 moun yo ak gwoup sòlda ki gen 1 000 moun yo. David ak mesye l yo t ap mache dèyè avèk Akich+.  Men, prens Filisti yo te di: “Ki sa Ebre sa yo vin fè la a?” Akich reponn prens Filisti yo: “Se David, sèvitè Sayil, wa Izrayèl la. Li gen ennan oswa yon tikras plis pase sa depi l avè m+. Depi jou li chape vin jwenn mwen isit la pou jis jodi a, mwen pa gen anyen pou m repwoche l.”  Men, prens Filisti yo te vin fache kont Akich e yo di l: “Fè misye ale+. Fè l retounen kote w ba l pou l rete a. Pa kite l desann al nan lagè a avèk nou pou l pa vire kont nou pandan batay la+. Paske, ki pi bon fason pou l ta fè mèt li a plezi si se pa pote pou l ta pote tèt mesye nou yo ba li?  Èske se pa David sa a yo t ap chante pou li lè yo t ap danse e yo t ap di: ‘Sayil touye plizyè milye ènmi,Men, David touye plizyè dizèn milye ènmi+’?”  Se sa k fè Akich+ rele David e li di l: “Menm jan li klè Jewova vivan, mwen fè sèman ou se yon moun ki dwat, e mwen pa gen pwoblèm pou w al avè m nan lagè a ak lame m nan+, paske depi jou w te vin jwenn mwen isit la rive jis jodi a, mwen pa gen anyen pou m repwoche w+. Epoutan, chèf yo pa fè w konfyans+.  Ebyen, ou mèt retounen anpè, e pinga w fè anyen k ap fè chèf nan Filisti yo fache.”  Men, David di Akich: “Ki sa m fè menm? Depi jou mwen menm, sèvitè w la, vin jwenn ou isit la rive jis jodi a, ki sa w repwoche mwen menm, sèvitè w la? Monwa, mèt mwen, poukisa m pa ka al avè w pou m al batay ak ènmi w yo?”  Epi, Akich reponn David: “Pou mwen menm, ou se yon bon moun, ou bon tankou yon zanj Bondye+. Men, prens Filisti yo di m: ‘Pa kite l monte al nan lagè a avèk nou.’ 10  Demen maten, se pou w leve byen bonè ansanm ak sèvitè wa a, mèt ou a, ki vin avè w yo. Leve granmmaten pou w ale, kou l fè jou.” 11  Vrèmanvre, David ak mesye l yo leve byen bonè, yo retounen nan peyi Filisti, epi sòlda Filisti yo monte Jizreyèl+.

Nòt anba paj