1 Samyèl 5​:​1-12

  • Lach la nan tèritwa moun Filisti yo (1-12)

    • Bondye imilye Dagon (1-5)

    • Malediksyon tonbe sou moun Filisti yo (6-12)

5  Lè moun Filisti yo fin pran Lach+ vrè Dye a, yo mennen l sot Ebenezè al Achdòd.  Epi, moun Filisti yo pran Lach vrè Dye a, yo mennen l nan tanp Dagon an e yo depoze l bò kot estati Dagon an+.  Lè moun Achdòd yo leve granmmaten, yo jwenn estati Dagon an tonbe fas atè devan Lach Jewova a+. Lè sa a, yo pran estati Dagon an yo remete l nan plas li+.  Nan demen, lè yo leve granmmaten, yo jwenn estati Dagon an tonbe fas atè ankò devan Lach Jewova a. Tèt Dagon ak de pat men l te kase e yo te atè nan papòt la. Se sèlman pati ki gen fòm pwason an* ki pa t gen anyen.  Se sa k fè, depi jou sa a, prèt Dagon yo ak tout moun ki te konn antre nan tanp Dagon an pa t konn pile papòt tanp Dagon an nan Achdòd lè y ap antre anndan l.  Jewova te frape moun Achdòd yo fò, e li te sakaje yo lè l te fè moun Achdòd yo ak moun nan tèritwa ki ozalantou yo gen emowoyid*+.  Lè moun Achdòd yo wè sa k rive a, yo di: “Pa kite Lach Bondye Izrayèl la rete nan mitan nou, paske Bondye yo a pini ni nou menm ni Dagon, dye nou an.”  Se sa k fè yo te reyini tout chèf nan Filisti yo e yo mande yo: “Ki sa nou ta dwe fè ak Lach Bondye Izrayèl la?” Yo reponn: “Mennen Lach Bondye Izrayèl la Gat+.” Konsa, yo te mennen Lach Bondye Izrayèl la nan zòn sa a.  Apre yo fin mennen l nan zòn nan, Jewova frape moun nan vil la fò, li lage gwo panik nan mitan yo. Li pini moun nan vil la, timoun kou granmoun, e li fè yo gen emowoyid+. 10  Se sa k fè yo te voye Lach vrè Dye a Ekwon+. Men, kou Lach vrè Dye a rive Ekwon, moun Ekwon yo pran rele, yo di: “Yo mennen Lach Bondye Izrayèl la ban nou pou l touye ni nou menm ni pèp nou an+!” 11  Apre sa, yo te voye rele tout chèf nan Filisti yo, yo te rasanble yo e yo te di yo: “Voye Lach Bondye Izrayèl la ale. Fè yo mennen l tounen kote l te soti a pou l pa touye nou menm ak pèp nou an.” Paske tout moun nan vil la nèt te pè pou yo pa mouri. Vrè Dye a te frape moun nan zòn nan fò+. 12  Moun ki pa t mouri yo te gen emowoyid. Moun nan vil la t ap rele pou mande sekou, e bri rèl yo a te rive nan syèl la.

Nòt anba paj

Lit.: “Se sèlman Dagon”.