1 Samyèl 8​:​1-22

  • Izrayèl mande pou yo gen yon wa (1-9)

  • Samyèl avèti pèp la (10-18)

  • Jewova bay pèp la wa li mande a (19-22)

8  Twouve, lè Samyèl te vin granmoun, li te fè pitit gason l yo vin jij ann Izrayèl.  Premye pitit gason l lan te rele Jowèl e dezyèm nan te rele Abija+. Yo t ap sèvi kòm jij nan Beyècheba.  Men, pitit gason l yo pa t suiv egzanp li. Yo te renmen chèche avantaj nan move kondisyon+, yo te konn aksepte kado anba anba+ e yo te konn fè magouy lè y ap jije+.  Rive yon lè, tout ansyen ki nan pèp Izrayèl la te reyini e yo te vin kot Samyèl nan Rama.  Yo te di l: “Kounye a, ou fin granmoun, men, pitit gason w yo pa suiv egzanp ou. Ebyen, chwazi yon wa pou dirije nou e pou vin jij nou, menm jan ak tout lòt nasyon yo+.”  Men, sa pa t fè Samyèl plezi* lè yo te di l: “Ban nou yon wa pou vin jij nou.” Lè sa a, Samyèl priye Jewova.  Epi, Jewova di l: “Fè tout sa pèp la di w. Paske se pa ou menm yo pa vle, men se mwen menm yo pa vle kòm wa yo+.  Yo kontinye aji menm jan yo te konn aji depi lè m te fè yo soti nan peyi Ejip rive jis jodi a. Yo pa sispann vire do ban mwen+ pou y al sèvi lòt dye+, e se sa y ap fè w la a.  Kounye a, fè sa yo di w la. Men, ou dwe ba yo avètisman klè sou sa k pral rive yo. Ou dwe fè yo konnen sa wa k ap alatèt yo a ap gen dwa pou l mande yo.” 10  Se konsa, Samyèl te di pèp la ki t ap mande l yon wa tout sa Jewova te di l yo. 11  Li te di yo: “Men sa wa k ap alatèt nou an ap gen dwa pou l fè nou+: L ap pran pitit gason nou yo+ pou kondui charyo l yo+, l ap pran yo pou kondui cheval li yo+ e l ap fè kèk ladan yo kouri devan charyo l yo. 12  Epi, l ap mete kèk ladan yo chèf gwoup ki gen 1 000 moun+ ladan yo ak chèf gwoup ki gen 50 moun+ ladan yo. Gen lòt k ap travay tè pou li+, genyen k ap fè rekòt pou li+ e genyen k ap fè zam pou li pou l fè lagè e k ap fè ekipman pou charyo l yo+. 13  L ap pran pitit fi nou yo pou yo fè luil santi bon* pou li, pou yo kuit manje pou li e pou yo fè pen pou li+. 14  L ap pran pi bon jaden nou yo, pi bon jaden rezen nou yo ak pi bon jaden oliv nou yo+ pou l bay sèvitè l yo. 15  L ap pran yon dizyèm nan rekòt nou fè nan jaden nou yo ak nan jaden rezen nou yo pou l bay moun ki nan gwo pozisyon nan palè l yo e pou l bay sèvitè l yo. 16  Epi, l ap pran sèvitè nou yo, sèvant nou yo ansanm ak pi bon bèt nou genyen yo ak bourik nou yo pou l fè yo fè travay pa l+. 17  L ap pran youn sou chak dis bèt nou gen nan twoupo nou yo+, e n ap travay pou li kòm esklav. 18  Yon jou, nou gen pou n rele akoz wa nou te chwazi a+. Jou sa a, Jewova pap okipe nou.” 19  Men, pèp la te refize koute sa Samyèl te di yo a. Yo te di l: “Non, se yon wa nou vle pou dirije nou. 20  Lè sa a, n ap vin tankou tout lòt nasyon yo, wa nou an ap vin jij nou, l ap dirije nou e l ap fè lagè ak ènmi nou yo.” 21  Apre Samyèl fin tande tout sa pèp la te di, l al di Jewova sa. 22  Jewova di Samyèl: “Fè sa yo di w la. Chwazi yon wa pou dirije yo+.” Epi, Samyèl di mesye ann Izrayèl yo: “Nou chak mèt retounen nan vil nou soti a.”

Nòt anba paj

Lit.: “sa te mal nan je Samyèl”.
Oswa: “fè pafen”.