1 Samyèl 9​:​1-27

  • Samyèl rankontre ak Sayil (1-27)

9  Te gen yon mesye nan tribi Benjamen an ki te rele Kich+. Li te yon desandan Abiyèl ki te pitit gason Sewò, Sewò se te pitit gason Bekorat e Bekorat se te pitit gason Afya+. Se te yon mesye ki te rich anpil.  Li te gen yon jèn pitit gason ki te rele Sayil+ e ki te bèl gason. Pa t gen yon gason pami Izrayelit yo ki te pi bèl gason pase l. Li te pi wo pase yo tout. Tout lòt mesye yo te ba l nan zepòl.  Yon lè, Kich, papa Sayil, te pèdi bourik* li yo. Li te di Sayil, pitit gason l lan: “Tanpri, pran youn nan sèvitè yo pou al chèche bourik yo avè w.”  Yo travèse zòn ki gen mòn nan Efrayim yo ak tèritwa Chalicha a, men yo pa t jwenn bourik yo. Yo te pase nan tout tèritwa Chaalim nan, men bourik yo pa t nan zòn nan. Yo te pase nan tout tèritwa tribi Benjamen an, men yo pa t jwenn bourik yo.  Lè yo rive nan tèritwa Zouf, Sayil di sèvitè ki te avè l la: “Vini, ann retounen, pou papa m pa kòmanse bay tèt li pwoblèm pou nou olye l bay tèt li pwoblèm pou bourik yo+.”  Men, sèvitè a di: “Gade, gen yon sèvitè Bondye nan vil sa a, yon mesye moun respekte anpil. Depi l di yon bagay, li fèt vre+. Ann al kote l kounye a. Petèt l ap di nou ki wout pou n fè.”  Lè sa a, Sayil di sèvitè l la: “Si nou ale, ki sa nou ka pote pou li? Nou pa gen pen nan sak nou e nou pa gen okenn kado pou nou pote pou sèvitè vrè Dye a. Ki sa nou gen nan men nou la a?”  Epi, sèvitè a reponn Sayil: “Gade! Mwen gen yon ka chekèl* ann ajan nan men m. M ap bay sèvitè vrè Dye a li e l ap di nou ki wout pou n fè.”  (Nan tan lontan, ann Izrayèl, men sa yon moun te konn di lè l pral chèche Bondye: “Vini, ann al kot moun ki konn fè vizyon an+.” Paske, moun yo rele pwofèt jodi a, nan tan lontan, yo te konn rele yo moun ki konn fè vizyon.) 10  Lè sa a, Sayil di sèvitè l la: “Sa w di a bon. Ann ale.” Se konsa, y ale nan vil kote sèvitè vrè Dye a te ye a. 11  Pandan y ap monte nan wout ki mennen nan vil la, yo rankontre ak kèk jèn fi ki pral chèche dlo. Yo mande yo: “Èske mesye ki konn fè vizyon an+ isit la?” 12  Yo reponn: “Wi. Li pi devan an. Fè vit! Se jodi a li rive nan vil la, paske se jodi a pèp la ap fè sakrifis+ kote ki wo yo konn fè adorasyon an+. 13  Kou nou antre nan vil la, n ap jwenn li anvan l monte al manje kote ki wo yo konn fè adorasyon an. Moun yo pap manje toutotan l pa vini. Paske se li menm ki pou beni sakrifis la. Kou l fin fè sa, moun ki envite yo ap kapab manje. Nou mèt monte kounye a, n ap jwenn li.” 14  Konsa, yo te monte pou y al nan vil la. Pandan yo t ap antre nan vil la, Samyèl t ap soti vin rankontre yo pou yo monte al kote ki wo yo konn fè adorasyon an. 15  Nan jou anvan Sayil te vini an, Jewova te di* Samyèl: 16  “Demen, lè konsa, m ap voye yon mesye ki sot nan tèritwa tribi Benjamen an kote w+. Ou dwe vide luil sou tèt li pou w chwazi l kòm chèf pou l dirije pèp Izrayèl la+, pèp mwen an. L ap sove pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Paske mwen wè tray pèp mwen an ap pase, e rèl yo rive jis bò kote m+.” 17  Lè Samyèl wè Sayil, Jewova di Samyèl: “Men gason mwen te di w: ‘Se li ki pral dirije pèp mwen an*+.’” 18  Apre sa, Sayil pwoche kot Samyèl, toupre pòtay vil la, epi li di l: “Tanpri, èske w ka di m ki kote kay mesye ki konn fè vizyon an ye?” 19  Samyèl reponn Sayil: “Se mwen menm ki konn fè vizyon an. Nou mèt pran devan m pou n monte al kote ki wo yo konn fè adorasyon an e n ap manje avè m jodi a+. M ap voye w ale demen maten e m ap di w tout sa w ta renmen konnen*. 20  Men, nou pa bezwen bay tèt nou pwoblèm pou bourik ki te pèdi depi twa jou yo+, paske yo jwenn yo. Pou ki moun tout bon bagay ann Izrayèl yo ye? Èske se pa pou ou ak tout moun lakay papa w+?” 21  Lè sa a, Sayil reponn: “Èske se pa nan tribi Benjamen mwen soti, tribi ki pi piti nan tout tribi Izrayèl yo+? Èske fanmi m se pa fanmi ki gen mwens enpòtans nan tout fanmi ki gen nan tribi Benjamen an? Bon, poukisa w di m pawòl sa a?” 22  Apre sa, Samyèl pran Sayil ak sèvitè l la, li mennen yo nan salamanje a e li ba yo pi bon plas pami envite yo. Te gen anviwon 30 gason ki te la. 23  Epi, Samyèl di moun ki t ap kuit manje a: “Pote moso vyann mwen te ba w la vini, moso vyann mwen te di w mete l apa a.” 24  Menm kote a, moun ki t ap kuit manje a pran jigo a ak lòt bagay ki te ansanm avè l yo, li mete yo devan Sayil. Epi, Samyèl di: “Men yo mete sa yo te sere pou ou a devan w. Manje l, paske yo te sere l pou ou, pou okazyon sa a. Paske m te di yo: ‘Mwen gen envite.’” Vrèmanvre, Sayil te manje ansanm ak Samyèl jou sa a. 25  Apre sa, yo kite kote ki wo yo konn fè adorasyon an+ epi y al nan vil la, e Samyèl te kontinye pale ak Sayil sou do kay la. 26  Yo leve byen bonè. Kou l jou, Samyèl rele Sayil sou do kay la, li di l: “Pare w pou m voye w ale.” Se konsa, Sayil te pare l, epi li menm ak Samyèl te sot deyò. 27  Pandan yo t ap desann pou yo kite vil la, Samyèl di Sayil: “Di sèvitè a+ pran devan nou.” Se konsa, sèvitè a pran devan yo, epi Samyèl di Sayil: “Men, ou menm, ou mèt kanpe la pou m ka fè w tande pawòl Bondye.”

Nòt anba paj

Lit.: “femèl bourik”.
Yon chekèl egal 11,4 g. Gade Apendis B14.
Lit.: “te debouche zòrèy”.
Oswa: “pral kenbe pèp mwen an nan limit li”.
Lit.: “tout sa k nan kè w”.